Yon Sel Fwa • ANFWARE Ckone

ADDED BY CKONE (MAR 17, 2016 AT 4:08 PM) 17,654 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Produced by: Argenys.On

Yon sel fwa

Tankou vole kap piye lanmou pa gen klaksòn
Fe moun pov rich supliye l'pa epanye pesòn
Machin ofisyel li ye l ka antre nan tout zòn
Li pa menm bezwen double ak fasilitel monte mòn
Yon sel fwa...m'te gadel e m te tou kondane
E se premye fwa...malgre sa mte getan ap panse marye
Yon sel fwa...li gade mwen mta pral adikte
Joul deside kenbe menm mwen soude pou letenite

[Verse 1]
Mpat konnenl c sou wout lavi a mte kwazel
Li pat tre konplike menm pat kapab anpechem fiksel
Diskretman bote li te ilumine mwen
Sekretman map din sa Bondye ki te serel pou mwen
M apwochel poum we si li c moun ou silikon
Eksplikel lem gadel anndanmn anviyi ak yn siklon
Mdil,mpat konnen l
Se lem gadew la msantim diferan
M aprochew du coup mvle ret la mvle kite eran
Tout jan m eseye motive sou wout mwen ou deroutem
Tout jan mcheche mpa jwenn ayen nan ou ki degoutem
Tout tan mte konn di mpa gen akidsyon m'konn vante
Poutan menm pran pou benediksyon sou mwen rob ou vante
Map bay tou avew poum pron kafe
Mtap toujou konsa siw te fanm kafe
Mvle konnenw mpa vle 2 pase
Mvle mennenw mpa renmen pase
Si kew chifonnen mvle repase
Sil fennen mvle job wouze
Nan matenw mvle lawouze
Sa map palew la love li ye

[Refren]
Tankou vole kap piye lanmou pa gen klaksòn
Fe moun pov rich supliye l'pa epanye pesòn
Machin ofisyel li ye l ka antre nan tout zòn
Li pa menm bezwen double ak fasilitel monte mòn
Yon sel fwa...m'te gadel e m te tou kondane
E se premye fwa...malgre sa mte getan ap panse marye
Yon sel fwa...li gade mwen mta pral adikte
Joul deside kenbe menm mwen soude pou letenite

[Verse 2]
Sil te machann fritay mtap farin poum ka toujou nan back li
Sil te yon star mtap ranje kom yon jan poum snap back li
Yon sel program avel tap fem plus popile ke back i
Sa sufi
Yon sel fwa poum ap imajine
Sil se tifi
Koman map byen jerel poul pa kriye
Sil vyej despri
Koman map ranplil epim òdone
E kon USB
Sil tro ranpli map fon jan m fomatel
Li ka premye fwa m renmenl hein hein sa pa vle di foli
Map panse ak demenl men konnen lanmou mache ak plezi
Fel konnen manvi swiv li kel prale nan lanfe paradi
Botel se zepon m se cheval gad jan li fem ponpe
Mte met we pon poum ka genyenl mpap suspann galope
Mvle mache tout kote fe publisite jan lap briye
Mwen pap tann resiprosite men pou li map sakrifye

Tankou vole kap piye lanmou pa gen klaksòn
Fe moun pov rich supliye l'pa epanye pesòn
Machin ofisyel li ye l ka antre nan tout zòn
Li pa menm bezwen double ak fasilitel monte mòn
Pou ou mgetan reve yon vi instagram
Lavi bèl san kritik ou jwenn yo pa gam
Pran deziw fe yon sèl avèk vizyon pam
Retire tout sak te ret nan viw kòm dram
Chak moun gen wout yo men m vle ou poum wè klè
Pou ou mpral chèche "étoile de mer" nan mitan rivyè