Ton Nwèl Mwen Kenbe W • K-Touch

ADDED BY MANFREDKTOUCH (FEB 24, 2016 AT 2:23 PM) 19,190 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Featuring: Le Sandro
Lyrics by: Jeff-Manfred Georges (Manfred K-Touch)

TON NWEL MWEN KENBE W_ K-Touch

Le Sandro- Verse

Depi m te tou piti mape veye Ton Nwèl
Men m pat janm jwenn chans kenbe l
Manmi te di m fòm janti pou m kapab rive wè l
Sa fè m pase lekòl chak ane

Ou paka di w te timoun pou w pat konn fè lago a Ton Nwèl
Pou l kite w wè l, kite w wè l
Ou paka di w te timoun pou w pat konn bat nay nan veye Ton Nwèl

Lè map veye Ton Nwèl bò abdenwèl la
Kado a te gentan anba zòrye a
Lè map veye Ton Nwèl bò fenèt la
Kado a gentan anba abdenwèl la

Ou paka di w te timoun pou w pat konn fè lago a Ton Nwèl
Pou l kite w wè l, kite w wè l
Ou paka di w te timoun pou w pat konn bat nay nan veye Ton Nwèl

Kè #1

Ton Nwèl mwen kenbe w
Ton Nwèl mwen kenbe w

Ton Nwèl mwen kenbe w
Mwen kenbe w Ton Nwèl – Le Sandro
Ton Nwèl mwen kenbe w
Ton Nwèl mwen kenbe w – Le Sandro

Manfred K-Touch- Verse

Jodi a m vin grandi m gen pou m tounen yon Ton Nwèl
Pou yon ti Manfred kap vini
Lè sa ma di l pou l janti pou l kapab kite l wè l
La va banm bon kanè chak ane

Yon jou la di l te timoun li te konn fè lago ak Ton Nwèl
Pou l kite l wè l, kite l wè l
Yon jou la di l te timoun li te konn bat nay nan veye Ton Nwèl

Kè #1 Tounen

Ton Nwèl mwen kenbe w
Mwen kenbe w Ton Nwèl – Manfred K-Touch
Ton Nwèl mwen kenbe w
Fwa sa m resi kenbe w – Manfred K-Touch

Lè la veye Ton Nwèl bò abdenwèl la
Kado a te gentan anba zòrye a
Lè la veye Ton Nwèl bò fenèt la
Kado a gentan anba abdenwèl la

Kè bridge

Nap di mèsi ak tout Ton Nwèl ki te make anfans nou
Nou menm tou nou gen pou n make anfans pitit pa nou
Nap di mèsi ak tout Ton Nwèl ki te make anfans nou
Nou menm tou, nou menm tou

Solo keyboard
Kè #2
Mwen kenbe w Ton Nwèl
Mwen kenbe w, mwen kenbe w – Manfred K-Touch
Mwen kenbe w Ton Nwèl
Mwen kenbe w – Le Sandro
Mwen kenbe w Ton Nwèl

Manfred - Verse 2

Y pase anwo
Nap kenbèy
Y pase anba
Nap trapèy
Y pase anwo
Y pase anwo, y pase anba

Le Sandro - Verse 2

Y pase anwo
Nap kenbèy
Y pase anba
Nap trapèy
Y pase anwo
Kèykeswa kotey pase nap joukey

Kè solo Guitar

Harry pote kòd
Pou nal mare Ton Nwèl
Harry pote kòd

Harry pote kòd
Pou nal mare Ton Nwèl
Harry pote kòd

Harry - Verse

Nwèl se fèt lanmou

Kote ni mwen ni ou pase yon anfans moun fou

Se fèt lanmou

Ap fè lago ak yon tonton kap viv ake nou

Nwèl se fèt lanmou

Just pou n ka wè l nou mete n piti nou aksepte dou
Pase lekòl bay parann gou

Nwèl se fèt lanmou

Kote ni mwen ni ou pase yon anfans moun fou

Se fèt lanmou

Ap fè lago ak yon tonton kap viv ake nou

Nwèl se fèt lanmou

Ebyen kounya tèt nou klè Ton Nwèl nou pa sou
Fwa sa nap met men sou ou

Manfred - Verse 2 Tounen

Y pase anwo
Nap kenbèy
Y pase anba
Nap trapèy
Y pase anwo
Y pase anwo, y pase anba

Le Sandro - Verse 2 Tounen

Y pase anwo
Nap kenbèy
Y pase anba
Nap trapèy
Y pase anwo
Kèykeswa kotey pase nap joukey