Kwit Saw Ka Kwit [Kanaval 2014] • B.I.B

ADDED BY ZOKLO (JAN 25, 2014 AT 9:22 AM) 17,388 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014

Ak sa'n genyen,n'ap kuit sa'n ka kuit se konsa tou nan Tet kole Ayiti ka pi djanm
B.I.B 2014

B.I.b misyon pa'n c evolisyon
Men avan tou priorite n se la nasyon
Sou tout pwen nou vlel aplike san distenksyon
Pou peyi saa ki toujou ap reve chanjman

[Refren]

[1]
Gonayiv pap gen dlo men ane saa nap souke te li
Rap kreyol di avi pou B.I.B ret sikre ke li
Fyete laplen se nan poch nou
Fo'w pa egri siw pa proch nou
Anpil nou te goumen pou n te ka pote flanbo saa
Men nou nan wout nap vini
Vyolans sou fanm fok li fini
Mete kapot men'm si'w feel li
Sinon y'ap di gad soufri li
Pa vi'n a pik nan kanaval la ni zam pou'n met cho
Kuit saw ka kuit zanmi e pa mande'm prete recho

[2]
Deye mon gen mon moutre ke fos c pa fos
Lew fose li pa fos
Ayiti t ka bel si nou tout te g'on pos
Domaj chomaj nou kuit saw ka kuit menm siw pa we sos anmi
Gonayiv plezi pwal gaye
Sou BIB yo tout vi'n vare
Tanbou frape leve danse
Sou pakou a n'pa vle lese frape
Mete tchatcha'w anle soukel
Sou vibrasyon saa mvlew bouje
Kelke swa kote ou ye ayisyen mwen vle nou tout fete

[Refren]

[3]
Ak B.I.B mvle pran yon ben de foul
San perte de tan map pran ti plezi mwen like pati cool
Granmoun timoun deklare se band sa ki feyo fou
Kuit saw ka kuit vye fre ki mele'm si reset saa pa nan gou'w
Se pa plede pale pale
Se pa plede ranse ranse
Nou g'on peyi pou nou sove se nou tout ansanm ki pou pote kole
Ak timoun lari yo nou dwe panse
Edike epi ankadre
Sino taux delenkans lan pap sispann ogmante

[4]
Le'n di kuit saw ka kuit sa vle di fe saw ka fe
Pa enpote ze salami rale pikwa travay late
Sispann koupe bwa epi respe pou fanm
Pou pi piti,pou pi gran
Mvle we nou tout nan yon menm bann
Sa se pou pep la
Pou gonayiv
Plezi give to give
Akoupi'w chaje anbyans 3 jou saa nan gwo mamit
E'mvle 1 2 3 4 limenna devan'm
Paske mpakapala leuw pwale pase pranm lage chaaa

[Refren]

Kuit saw ka kuit
Pa mandem prete recho
Gonayiv pap gen dlo men ane saa nou pwal souke te li
Fe saw ka fe pa pwomet saw paka bay
Rap kreyol di avi pou B.I.B ret sikre ke li

Kuit saw ka kuit
Pa mandem prete recho
Gonayiv pap gen dlo men ane saa nou pwal souke te li
Fe saw ka fe pa pwomet saw paka bay
Rap kreyol di avi pou B.I.B ret sikre ke li

Fe apel ak konsyans
Rejte tout endiferans
Pou frem ak se'm yo ki tonbe
Yon minit de silans

B.I.B baby,kuit saw ka kuit tande.

Animasyon...