Madebat (Rale KoÌ€d La) [Kanaval 2016] • K-Zino

ADDED BY ZOKLO (JAN 16, 2016 AT 4:14 PM) 16,156 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016

Mesye dam lasosyete men ti Sixto parèt fwa sa ak K-zino pote pou nou

Nou ka toujou fè politik gen gwo djaz, gen ti djaz,
K-zino li menm ou wè li, se djaz la relèv la

Alleluia pou Ayiti k kouche sou do kap soufri
Se nou k pou sove l, nou pa gen dwa kite l peri
Ayibobo pou eritaj sa zansèt nou fè n kado
Ann leve byen wo koulè drapo n montre sa n vo

Ayisyen moman rive pou n fon w tèt kole
Chanje mantalite n si n vle dekole
Chirepit pap mennenn okenn kote
Frè ak sè nou ye ann ale
Ramase fyète n pou nou avanse
N te fè revolusyon pou nou te libere
Wi lè a rive pou n rekòmanse
Ann leve kanpe se ase

Ayibobo pou eritaj sa zansèt nou fè n kado
Ann leve byen wo koulè drapo n montre sa n vo

Nou di nou renmen Ayiti
Nou se Pitit Dessalin nou pa vle fè lapeh
Bon jan konsyans patriyotik yon konbit sitwayen ka fè sa chanje
Yon lavalas pèp kap lite, ak konviksyon tèt kale nou ka vanse
An verite nou fè l deja, moman rive pou nou revòlte

Revòlte (2x)

Ayisyen di koulangèt djaz sa pa nan manligèt depi l rive se men nan tèt

Tele Haiti, nenpòt jan l ye a

Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive fè m tande w – podod pow
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive nou pral karote

Kapote nou pral kapote,
Leve menn alè – a dwat
Leve menn alè - a goch

Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive fè m tande w – podod pow
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Black Alex rest in peace

Black Alex pou sa w fè nou pap janm bliye w
Ou te travay pou w te leve kilti nou wo
Pèp Ayisyen aprann apresye sa nou genyen
Jodi l ka la demen l ka twò ta

Zanmi kote w te ye – nou la, nou la
Zanmi apa m pa wè w non – se kòd la ki long

Rale kòd la (3x)
Pa kite li kase
[2x]

Padann yap rale kòd nou menm n ap ba yo kòd

Ranje kòw dèyè pòt la pou w pa pran kout pòt

Louloup louloup – eyap pa
Hey hey – eyap pa
[3x]

Chalmas
Eh eh, yo mele, yo mele, yo mele

Djaz sa son w toro gronde pa pote boure
Sou li pa vin se kòd kap pouse – nou anlè
Banm men goch la – tann goch la
Banm men dwat la – tann dwat la
Chaje chaje voye monte voup
Voye monte voup
Voup

Toro frape l atè [3x]

Anmwey (3x)
Pwoblèm nan boule fò m rele

Neg lari bwase pou yo ka manje
Konsa konsa ou pap ka konprann lè w neg lari wa konprann
Rastaman fimen pay pou l pa nan briganday
Konsa konsa ou pap ka konprann lè w rastaman wa konprann

Toto beat nap sonnen pou neg lari yo
Woy woy woy lè w neg lari wa konprann
Woy woy woy lè w rastaman wa konprann

Sou channmas nap monte gad jan nap byen pase
Konsa konsa ou pap ka konprann lè w K-zino wa konprann
Lè m di sak pase nou reponn nap boule
Konsa konsa ou pap ka konprann lè w Ayisyen wa konprann

Anmwey (3x)
Pwoblèm nan boule fò m rele
Woy woy woy lè w K-zino wa konprann
Woy woy woy lè w Ayisyen wa konprann

Ou pa ka Ayisyen – wi
Pou w pa konn trip konsa – hein hein
Ou pa ka Ayisyen – wi
Pou w pa konn ti vibe sa – hein hein

Tande sa lè m di krik n ap di krak
Krik - krak (2x)
Tim tim – bwasèk (2x)
Tonton Bouki – eya eya
Si n danse – n ap danse konsa
Men anlè – men anlè konsa
Bat bravo – bat bravo konsa
Krapo – plètil manman
Ann al nan T-Micky – non manman n pa kapab non
Ann al nan Kreyòl La– non manman n pa kapab non
Ann al nan Carimi – non manman n pa kapab non
E si m di K-zino – hey hey madebat

Hey hey
Yo cho
Mayo anlè – yo cho
Chemiz anlè – yo cho
Drapo anlè – yo cho
Vire vire vire – yo cho (2x)

Krapo – plètil manman
Ann al nan Bèl Plezi – non manman n pa kapab non
Ann al nan Barikad– non manman n pa kapab non
Ann al nan Rockfam – non manman n pa kapab non
E si m di K-zino – hey hey madebat