Bèl Tablo Sa-a • Carly Joseph

ADDED BY JEWIPA (DEC 30, 2015 AT 3:20 PM) 12,067 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Americal Airlines "Konkou Mizik # "2
Year: 1987
Featuring: Carly Joseph
Produced by: American Airlines "Konkou Mizik # 2" In 1987
Lyrics by: Carly Joseph And Music By: Carly Joseph

Bèl tablo sa-a

An-n ransanblé, nou pral f-on-w désen
An-n pentiré Péyi nou ki finn fennen
An-n mét koulè jouk yo ta mélé
Kè kontan toupatou, la gété gaspiyé.

N-ap mété jonn, jonn sé koulè solèy
Solèy kléré tout fè nwa, tout konfizyon
Ajouté blé, blé sé pou libèté
Ki sòti nan la fòs ké nou jwenn nan linyon.

É lè tablo sa-a va fini, moun ap vini gadé-l
Y-ap anvi manchandé-l, tout moun ap vlé achté-l
Men apré tout travay nou li té mét ladan-l
Non, non, bèl tablo sa-a pa pou vann.

N-ap mété vèt, vèt sé koulè léspwa
Léspwa yon jou tout mònn yo ap kouvri ak pyé bwa
Fòk nou mét wouj, men, nou pap mét anpil
Nou pa vlé san koulé, éfasé méchansté.

É Lè tablo sa-a va fini moun ap vini gadé-l
Y-ap anvi manchandé-l, tout moun ap vlé achté-l
Men apré tout travay nou li té mét ladan-l
Non, non, bèl tablo sa-a pa pou vann.

Badijonnen woz nan tout ti flè
Pasé-l sou dlo, ti zwazo ak nan tout kè
Pozé lanmou, ki fè ké nou tout ka chanjé Ayiti
Tankou bon frè ak sè.

É lè tablo sa-a va fini, moun ap vini gadé-l
Y-ap anvi manchandé-l, tout moun ap vlé achté-l
Men, apré tout travay nou li té mét ladan-l
Non, non, bèl tablo sa-a pa pou vann.
Non, non, bèl tablo sa-a pa pou vann.
Non, non, bèl tablo sa-a pa pou vann.

Li pa pou vann
Li pa pou vann,
Non, non.

Mété woz, mété jonn, mété vèt, mété blé
Men, pa mét anpil wouj, nou pa vlé san koulé
Men nan men, n-ap maché pou nou jwenn libèté
Ak lanmou ak pasyans avèk fratènité.

Lyrics and Music by: Carly Joseph
And interpreted by: Carly Joseph
August 1987
American Airlines Konkou Mizik # 2
“Bèl tablo sa-a” is a song that could be classified as one of the best piece of poetry that has ever been written in the Creole language. This song should be studied in every single school throughout the land of Haiti.