Zanmi Lwen Zanmi Pre • Daddy Craze

ADDED BY GEN11 (DEC 13, 2015 AT 6:58 PM) 21,819 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Polo Big Atis
Produced by: G BLAZE

[Intro - Daddy Craze]
E eee,nah nah nah,nah nah nah nah nah eeee
Daddy Craze Mr Flavor,Polo BigAtis & S.O.P

[Ref - Daddy Craze]
Zanmi pre, mpral kay zanmi lwen.
Men zanmi lwen ,se lajan sere.
Men Zanmi pre se kouto 2 bò, mpral wè si se vre.
Pasem gen 10 mil zanmi pre, mprefere g'on zanmi lwen.

[Verse 1 - Daddy Craze]
Zanmi alèkile, kounya, yo se trèt makiye.
Yo gen anpil odas an menm tan e yo menm trè visye.
Menm nèg kap bwè fimen avèk ou.
Se menm li menm ki la pou begannen ou.
Se vre anviwonman'm temwen gen twòp nèg ki fristre.
Mkenbe diyitem poul pa kouri kitem.
Sim pa veye zo'm ni veye mo'm avèk yo,kafem ka koule ak ma.
Jah ,set me free, don’t let them put me down.

[Ref - Daddy Craze]
Zanmi pre, m pral kay zanmi lwen.
Men zanmi lwen ,se lajan sere.
Men Zanmi pre se kouto 2 bò,mpral wè si se vre.
Pasem gen 10 mil zanmi pre, mprefere g'on zanmi lwen.

[Verse 2 - Polo BigAtis]
Mganpil Zanmi zanmi zanmi, men se pa tout ki gen vrè Lanmou.
Mannik Fonti grandi, yo vlem tchimen tankou Sel Andrews.
Le fait que m te aprann Sakrifye m.
Kounya gen sak fristre,
M'wè lap priye,
L' vle wè pou talanm Gaspiye.
Echèk, banm echèl, poum moute m'Fyè.
Kanpe drèt, kou mouche Chèf.
Nan detrès, poum pouse Rèv. « mwen reyalize »
Kèk zanmi pre se Solèy, kap Boukannen'm.
Lèm vle lonbraj mpati lwen mvle tonèl, yap tou Ban mwen'L.
Dayè sepa toutanm jwenn, sandal , poum mache nan sezon Pikan.
Malgre konn gen, skandal, gèp mechan mantre nan Nich lan.
Non Mpap aksepte,
Mgen zanmi Kap take Pyem.
Zanmi'k sèmante swa mpason vye nwit oswa Mpa Leve .

[Ref - Daddy Craze]
Zanmi pre, mpral kay zanmi lwen.
Men zanmi lwen ,se lajan sere.
Men Zanmi pre se kouto 2 bò,mpral wè si se vre.
Pasem gen 10 mil zanmi pre,mprefere g'on zanmi lwen.

[Verse 3 - S.O.P]
Pou siksèw yo pa kontan,se pou echèk menm yap pran Nòt.
Lè yap pale de moun ki bon,yo pap chwaziw men yap pran Lòt.
Respè yap ba ou pa anpil paskew toujou anba je yo.
Y'angaje yo , nan chofe la nati pou ret nan paj Zero.
Yo bay respè a moun, pou jwenn li back yo pap pran tan.
Pèdi nwit pou atis deyò men lè se ou yo pap ret tann.
S.O.P talèw tandew this, talèw tandew that.
Lè yap pale de ou plis, niggae talèw dead.
Fòw pa gen diferans, Fòw pa janm Abiye.
Si se pou sipò yo ou deja atè fòw pa janm Apiye.
Yo pa gen bò yo ak bandi men lè polis touche yo Bwè.
Lè wap demare sou echèk yap met polis kouche yo Prè.

[Bridge - Daddy craze]
Espri sen, ou se limyè lavi mwen.
Ou sèl konsolasyon mwen.
Tanpri fòw pa lagem, anba men vye zanmi Pre.

[Ref - Daddy Craze]
Zanmi pre, mpral kay zanmi lwen.
Men zanmi lwen ,se lajan sere.
Men Zanmi pre se kouto 2 bò,mpral wè si se vre.
Pasem gen 10 mil zanmi pre,mprefere g'on zanmi lwen.

[Outro - Daddy Craze]
Respè pou sila ki konn moun avan lajan.
Respè pou sila pandan ke wap viv ki toujou konn valèw ak enpòtans ou .