4 Gason Nan Yon’n • Zenglen

ADDED BY JESS24 (DEC 8, 2015 AT 10:33 PM) 23,598 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Intro]
Oh oh oh oh

[Verse 1]
Mwen tap tande yon komedien, yon gran black ameriken
Li di pou w vrèman satisfè yon fi anpil rale Mennen vini
Fò w ap chanje tanperaman w an kat gason diferan
Ouh oh oh oh

[Verse 2]
Gen twa bagay byen senp, fi gen kontwòl nèg li trè fasil
Sipò ak lwayote nou bezwen epi ba nou lanmou
Medam yo se kreyati konplike
Se eksperyans kap pale wi tonton

[Keyboard]

Pou w satisfè yon fanm konplètman fò w kanpe an kat gason diferan
Premyeman fò w son sugar daddy, pou yap rele w papi
Lasosyete son w gwo dosye chita pou nou tande
Zenglen pral eksplike w
Men ròl sugar daddy a tande

[Koral]
Yon pèsonaj yon neg aje chita nan kay ap depanse
(Tankou James Nozile)
Ba w atansyon tout sa ou vle, li pa bezwen anyen apre

Gason numero de a limenm, son w neg ki fyè pou l gen yon bèl fanm bò kote l. L ap fè tout sakrifis dekouvri Saint Pierre pou kouvri Saint Paul just pou fè manzèl plezi.
Medam yo konn bezwen on neg ki gen tanperaman konsa. Men wol li jwe

[Koral]
Yon neg ki pa nan fè chèlbè, fè nenpòt jòb bon travayè
(Tankou mwen menm Bato)
Mennen chache timoun lekòl, lave machin

[Keyboard]
Kenbe m kenbe m
Sa son w flannè k pa negosye
Misye ap fè job wi la
Apiye kò w – apiye
M anvi danse wi la – kore m (3x)

Gason numero twa, nou menm an jeneral Ayisyen nou pa gen ti pwoblèm sa. Sutou andan djaz sa yo rele Zenglen an, medam yo konn bezwen on mandingo. Son w mesye un douce un chaut, sauvage, bras a vide. Yo mandingo wi.

Yo mandingo, yon neg ki cho
(Tankou Brutus, ak Kenny Elsena)
Li bòw goute w pa mande rete
Li bon nan sa sèlman aprè sa anyen li pa vo

Gason numero kat tanperaman ti men kase
Lap fè medam yo ri, pale nan tout kozri
Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo
Sonw neg ki lucky
Men wòl misye tande

Tanperaman de sis kole
Ki tout tan ap fè yo ri
Kap fè tripoytay ak yo
Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo

Gason numero kat la se li k pi du
Bato lage

[Guitar]
Apiye(3x)
Kore m (3x)

Fòw mete gason pou w satisfè fanm ou

Sa m sot di w la li pa gen anyen ki dwòl
Son w liv m prete nan men on timoun lekòl
Act like a lady think like a man
Wa di m sa w panse my friend
Hahaha

[Outro]
Ou ka pote lanmou woy
Li pap ase
Ou ka pote dola woy
Li pap ase