Kreyòl Nou Ye • Zenglen

ADDED BY TIZER (OCT 28, 2015 AT 9:07 AM) 21,868 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Let It Groove
Year: 2000
Lyrics by: Jean Brutus Derissaint

[Skit]
Machann ban m 2 bannann, kochon, 3 patat, 2 fèy lam a legim
Lè manje a pare ma manje kòrèk

O why?

Chak peyi k’egziste, g on lang yo ka pale
Gen sa k gen plizyè depatman, chak ka pale l yon jan
Se toujou menm lang lan
Wayayo!

Nou menm Antiyè n se Kreyòl
S on lang ti dyòl gwo dyòl
Nou genyen plizyè depatman, yo chak ka pale l yon jan
Men n se menm nan, parèryman
Ow ow ow

[Keyboard solo]
Natty dread nah

Mande pou kisa m konplekse, mwen pasa jwenn fyète
M fè sa m rive Pòtoprens, m te mèt sot nan pwovens
Aksanm gentan chanje
Same blood oh, Congo!

Mwen di zanmi m pa kritike m poutèt ou ka chare m
Sa a s’on pwoblem ti lespri, moun ki pa konprann lavi a
Si m wè w ka fawouchem
Pa chare mwen
Wololoy

[Chorus]
Pa chare mwen
Pa pa pa...pa fawouchem..non non non
Pa fawouche mwen
Pa chare m, pa chare m, pa chare m
Pa fawouche mwen

[Horns]
Ah, ou… men konpa!
La police...polo lo polo
Garanti pa m nan
Ah ou.. men konpa!
Dousi, dousi

[Keyboard solo]

Se Zenglen wi, pa vòle l non…non!

[Richie vocalizes]
Brutus chante ankò frèranm

Martinique, Guadeloupe nou rive
Guyane medam y ap chante
Zenglen pe dous, Zenglen pe dous

Aprè sa nou f on rive Pòtoprens
Tande de moun k ap f on diskisyon:
“Gad figi misye” Lot la di l: “Adye Bondye!”
“Gad figi misye” Gad figi misye.

Nan Podpè n te rive, madanm nan di mwen konsa:
“Manje on ti diri, m gon bay pou m di w.”
“Manje on ti diri”
Apre sa n rive nan Cap Haitien, mesye yo move:
“Kite fanm anm la, pa manyen l, Met afè m anm la m bezwen l
“Pa pale ake m, pa pale ake m”
Pa fawouche l tande, se nèg tankou Richie, nèg jalou!
Mwen pa chare mwen tande!
Pa chare mwen
Pa pa pa...pa fawouche m..mwen non

[Horns]
Ah ou… men konpa!
Dousi

[Trumpet solo]
Alo Telo Lorquet, santi m jouk nan syèl la

Ayisyen yo, Antiyè yo
Manman nou se Afrika, fo pa nou bliye sa
Se Kreyòl ke nou ye, fo pa nou konplekse
Se Kreyòl ke nou ye, fo pa nou oubliye

Wooo, Se Kreyol nou ye
Natty dread nah
Ah dreadlocks congo

Mwen di pinga chare mwen
Pinga chare m
Pa fawouche mwen