Plezi Kreyòl • B.I.B

ADDED BY THEMAN (SEP 21, 2015 AT 8:21 PM) 26,418 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Intro]
BIB Baby

[Refren]
Mwen pran plezi mwen
Nan manje lalo, nan dlo kokoye
Mwen pran plezi mwen
Nan dous makòs,nan manje lanbi
Mwen pran plezi mwen
Nan fanm kreyol, nan benyen sodo
Mwen pran plezi mwen
Nan bwè fresko, plezi kreyòl mwen

[Bigk]
Byenvini an Ayiti
Non ti tè sa a pa piti
Nou ka pa gen lajan pou nou ofri
Men nou tout rich nan kilti
Plezi rara kanaval
Bel nègèsmanje lokal
Konpa, rasin,rap kreyol,raboday tout se produi lokal
Soley cho bel plaj
Pou koule tafia an baz
E niu kenbe fyète'n menm lè pifo nan nou nan chomaj
Welcome to haiti
Bienvenido a mi paìs
B.I.B pwodwi lokal di Ayiti ouvè pou biznis

[Fridy]
Kantik la chante li fe 6 zè ,solèy leve,fò'm lave je mwen
Avan mwen al sekle nenpot sal yefom pran on goute
Sou tab la on bol akasan ap tann mwen
Kou'l fè labrenn map pase pran tijan
Pou'n moute al kraze on domino piwo nan kanton
Plezi net al kole
Bweson ap koule
Timari pase pranm twoubadou m pwal danse

[Refren]
Mwen pran plezi mwen
Nan manje lalo, nan dlo kokoye
Mwen pran plezi mwen
Nan dous makòs,nan manje lanbi
Mwen pran plezi mwen
Nan fanm kreyol, nan benyen sodo
Mwen pran plezi mwen
Nan bwè fresko, plezi kreyòl mwen

[Frekans]
Komsi pou soley ta souri,anba dra m'ta kouvri
Lari mpa pran pou'm dekouvri si plezi gen ouben mouri
Non mkonn peyi'm depi gen bras gen vi
Saka letranje menm on fwa ta renmen vi'n jwi
Ilavach,negrès tete doubout bel dach
Touris toupatou debake an foul pou vi'n bounce cash
Fe tisourit nan bat nay
Menm si demen gen travay
Pa gen pi bèl feeling pou ayisye ke santi'l lakay

[Diplomate]
Se pi bel plezi pou mwen chak maten pou manman'm ap reveye'm nan kaban'n ak yo bel tas kafe cho
Kou'l fe 10 zè fò'm fè on kout pye ka mant Odette nan yon konbit mwen menm ak ti frèm yo
Solèy la cho nèg ap swe nan yon plat pitimi a pwa kongo
Men m pa vle ta bare'm avan m'al chanje bèt yo fòm ta pase al pran yon bon beny sodo

[Refren]
Mwen pran plezi mwen
Nan manje lalo, nan dlo kokoye
Mwen pran plezi mwen
Nan dous makòs,nan manje lanbi
Mwen pran plezi mwen
Nan fanm kreyol, nan benyen sodo
Mwen pran plezi mwen
Nan bwè fresko, plezi kreyòl mwen

[Jori]
Plezi pa'm se lè'm nan rara lakay m'ap danse (×3)
Gwòg nan tèt mwen
Se feeling ban'n nan k'ap moute(×4)
Si'm diw mawoyo
Lè mwen wè enfliyans fè'n rejte
Tout bèl tradisyon'n
Ble e wouj la pou'n flote piwo si nou fyè si nou kwè nan kilti'n
Fe wout pou sa k'ap vini yo

[Swaga swaga]
Banm ti peyi mwen
Ayiti toma cheri mpa vle'l peri mwen
Mkonnen'l ka jwenn plis tanpri fè'l ateri pou mwen
M'renmen gwo solèy la menm lèl cho nan po tèt mwen
Andeyò m'ap tounen pou mal plante pou pèp
M'konnen mse chomè nan peyi'm pa mande'm ki wòl mwen
Pa ofri'm pizza mon frè banm kokiyòl mwen
Ki mele'm nan peyi'w wap dim chaje gwo mall
La a mache an fè n'ap jwenn bon pwodwi kreyol

[Refren]
Mwen pran plezi mwen
Nan manje lalo, nan dlo kokoye
Mwen pran plezi mwen
Nan dous makòs,nan manje lanbi
Mwen pran plezi mwen
Nan fanm kreyol, nan benyen sodo
Mwen pran plezi mwen
Nan bwè fresko, plezi kreyòl mwen

Nanananana....