Kenbe Fèm • Naidjoo

ADDED BY THEMAN (SEP 13, 2015 AT 7:24 PM) 23,394 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Naidjoo

[Intro]
Anh, Naidjoo
BINGO MUSIC
LausDeo Studio
OK !!!

[Verse Naidjoo #48Bars]
Yon chèn pap janm kase , si w pa fè fòs sou li
De menm lavi a ap ret nèt siw pa met fòs sou li
Fò w sou li, pou l dekole fò w fo sou li
Kwè nan travay plis, mete lafwa w plis pou w ka souri
Prepare w paske lavi, pa ba w chans 2 Fwa
Pa ret focus sou tan an, paske l ka trouble w dèfwa
Pa presipite , met lanmou avan tou
Nan travay ou pa wè lajan avan paske l k toufe w dèfwa - yea !!!
M ap stil kenbe fèm
Menm si mizè lavi a tankou leman vle kenbe fèm – Anh yea !!!
M ap mande w kenbe fè m
Kenbe Frè m menm si chak saw fè ou wè'l antoure avèk pèn
Pou w pa sibi menm koz avè m - Anh
Pa kwè nan fanmi
Rete Pwòp ou menm siw Straight pa Kwè nan Funny
Se fè efò pou ou travay pou w pa nan tann pri
Se fè valè tèt ou pou l pa bese pou w pa nan tanpri
Atò pou efò ke w ap fè menm pwoch ou konn vle manje'w
Ou pran feeling fè mal tann pa w pou yo vanje w
Tout sa ke w ap sibi nan vi an depann de ou
Yon senp ti neglijans gen konsekans li ret tann retou l
Vi Sa - Fòk ou aprann pasyante tou
Benediksyon pa selman kob kifè'l – Non non
Defwa ou ka pran'l pa sante tou
Gras bondye a se purman lòv kifè l - Danm oh !!!
A koz la fen, koz anpil jèn yo tiye
Swa pou lòt pwoblèm, rann anpil prostitiye
Dèfwa se paran yo Oui se paran yo konn plase
Ti jèn fi pou tèt lajan ak nèg ki Pa ran yo
Kenbe - Menm si'w pa jwen anyen pou'w goute
Kenbe - Menm yon pen'w pa jwenn pou soupe
Pa okipe sa k di w pap janm anyen
Tann moman pa w la rive paske yon jou l gen poul soufle
Lavi son lekòl tant wap viv wap aprann
Se eksperyans kap byen fòme w
Se pa tout leson w ap gen chans ka aprann
Se eksperyans lòt moun kap enfòme w
Problem Je di Pi mal ke sa'm di a
Pa konfonn jedi avèk samdi a
Lavi son sipriz
Li plis ke sa w wè a, e fò w pran san w pou w konprann sa m di w la
Timoun yo map mande n pou rete konfyan
San batay an'n fon chèn, poun rete konfli an
Kwè nan lekòl,kwè nan tèt nou M vle nou enfliyan
Entèlijans se youn nan pi bon pyès kap sove n nan vi an
W ap imilye , pou yon bon bagay demen
Lite pou w te ka jwen yon bon bagay de mwen
Manman t'es toujours la plus belle
La plus merveilleuse femme yon jou w ap byen jwi de mwen
An 48 bars m rezime
Kelke prensip pou m baw la
Lavi a son kado fok ou motive e espere yon jou gen pou jou pa w la