Lanmou Sa • Black Parents

ADDED BY THEMAN (SEP 3, 2015 AT 7:44 PM) 20,366 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Verse 1]
Lè van soufle solèy leve sa fè m pa ka sispann panse
Lè mwen tande pale de ou, byen rapid kè mwen pran bouje
Bèl flè dizè bò larivyè konsa lanmou m fleri pou ou
Tankou zetwal grenn sab lanmè, se pwofondè lanmou m pou ou

[Pre Chorus]
Fò m pran on ti tan pou m eksplike w
Fò m pran on ti tan pou m dòlote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou letènite
Mwen jwenn plezi sekirite Laverite lè m bò kote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou lavi baby

[Horns]

[Verse 2]
Jou ap pase lè m reveye bò kote m ou toujou kanpe
Ou se jefò m, ou se paspò m, mwen santi w toupatou nan kò m
Mwen pap pran chans, paske m gen sans, avèk ou m ka fè diferans
Ou se antye m, sèl amitye m, pou toujou nap ret akòde

[Pre Chorus]
Fò m pran on ti tan pou m eksplike w
Fò m pran on ti tan pou m dòlote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou letènite
Mwen jwenn plezi sekirite Laverite lè m bò kote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou lavi baby

[Chorus]
Ou se de je m, ou se de pye m, ou se fanmi m
Ou se tout sa ke mwen posede, ou se bò m pa ka bliye
Ou se sante m, ou se bèje m, ou se zanmi m
Ou se lè ke mwen ap respire, kòman pou m ta bliye w

Banm yon ti tan pou m eksplike w
Mwen pou mwen dòlote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou letènite
Mwen jwenn bon jan sekirite an verite lè m bò kote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen

[Horns]

[Keyboard Solo]

Pa bezwen lòt ankò hm hm hm
Cheri m pa bezwen lòt ankò
Ou se premye ou se dènye
Pa bezwen lòt ankò hm hm hm
Cheri m pa bezwen lòt fi ankò
Ou se Bondye k voye w pou mwen

Depi w rive nan vi m, mwen di w lavi m chanje
Pa bezwen lòt ankò
Non m pa bezwen lòt ankò

Banm yon ti tan pou m eksplike w
Mwen pou mwen dòlote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen pou letènite
Mwen jwenn bon jan sekirite an verite lè m bò kote w
Ou se premye ou se dènye nan kè mwen

[Guitar solo]