Pa Kite M • Black Parents

ADDED BY DIDIER (SEP 3, 2015 AT 5:03 PM) 22,048 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Intro]
Cheri pa kapab ankò non

[Verse 1]
Pa kapab ankò, map kapab ankò non – pa kapab (2x)
Si lanmou an gen fòs kote
Si lanmou an pa ekilibre
Sa fè m mal – sa fè mal
Li fè m mal tande – li fè mal
Woloy mwen pa kapab lè ou pa antre
Mwen pa kapab lè ou pa souri avè m
M pa kapab lè ou pa fè manje pou mwen – pa kapab
Son w kout kouto lè ou meprize m
Mwen pa kapab lè w pa bò kote m
Mwen pa kapab lè ou pa fè manje pou mwen – pa kapab
Ala bèl sa ta bèl si w ta retounen – kòm avan
Ala bèl sa ta bèl si w ta vin sove lanmou n

Ou te mande mwen kè m gade l nan men w
Ou te mande mwen vi m gade m ba w vi m
Gade ou pran m ou maltrete li
[Horns]
[2x]

[Keyboard solo]
Black Parents

Cheri tande m ap soufri
M vle mouri
Cheri tèlman m panse avè w
Cheri tèlman m anwiye m de ou
Doudou m prèt pou mwen bay vi m pou ou
Cheri tèlman mwen renmen w doudou
M ap soufri
M vle mouri
Cheri tèlman m panse avè w
Cheri tèlman m vle bay vi m pou ou
Doudou w konnen jan m renmen w
Cheri di w mwen vle fou
Ede m chante

Alo alo (4x)
Gad on soufrans ki nan kè mwen m pa ka kenbe non non
Gad on pwoblèm ki nan vi mwen, m pap sipòte l non non
Pa fè sa cheri
Mwen di elas doudou
Pa fè sa amou
Tounen nan vi mwen cheri

[Guitar solo]
Black Parents kite l mache konsa

Alo alo (4x)
Gad on pwoblèm ki nan kè mwen m pa ka kenbe non non
Gad on pwoblèm ki nan vi mwen, m pap sipòte l non non
Pa fè sa cheri
Pa fè sa doudou
Pa fè sa amou
Tounen nan vi mwen cheri oh

[Horns]

[Keyboard solo]

Je t’aime
Cheri m vle w tounen kòm avan
Cheri m vle w tounen kòm avan
Cheri m vle w tounen kòm avan
Ou di se mwen menm ki fè w chanje
Cheri m vle w tounen kòm avan
Paske w di mwen chanje avè w tou
Cheri m vle w tounen kòm avan
Kounya nou pral mete tèt n ansanm
Cheri m vle w tounen kòm avan