Nap Chache Lavi A • Rezistans 509

ADDED BY DIDIER (AUG 28, 2015 AT 3:20 PM) 21,582 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Ded Kraz-Z
Produced by: Alfamega Production

[Intro - GAYO NOIR]
Map chache lavi a
Kite’m chache lavi a souple
Mwen pa kapab ankò tande vwam kap kriye nan mòn lan

[PATRICK]
Anpil nan yo, lakay yo yo kite, wi, trè motive, vwayaje al chache lavi a
San papye, yo deside rete, o wi fòk yo lite, yo tout ap chache lavi a

[CASTY]
Nap chache lavi a
Kite’ n chache lavi a a
Nap chache lavi a
Kite’n chache lavi a
Kòb pou voye, lekòl pou peye, timoun pou bay manje
Lajan an poko menm nan mwatye
Kòb pou voye, lekòl pou peye, timoun pou bay manje
Lajan an poko menm nan mwatye
Nap chache lavi a

[GAYO NOIR]
Map travay nan konstriksyon
Avek ampil detèminasyon
Ak vizyon’m nan lòt direksyon, wo wo !!
Kòm pi bonè se granm maten
Dèfwa nan nuit mal fè seren
Ak la mizè fòk mwen goumen, ye ye !!

[ZIZOU GUITARE]
Mwen menm se yon machan fwi, se fason’ m bouske lavi
Menm si lavi ap maltrete’m pap negosye kont diyite’m
Avni timoun poum prepare, fwaye a fòm ka jere’l
Chak jou mwen pran lari avèk espwa sa va chanje
Map rete pozitif, on jou kan mèm ma va rive
M’pap fè anyen pou’m pa fotif, pou sosyete pa kondane’m
Paske mwen konen pou’m reyisi fòm travay di
Men sa pa anpeche’m pran solèy cho chache lavi

[CASTY]
Nap chache lavi a
Kite’ n chache lavi a a
Nap chache lavi a
Kite’n chache lavi a
Kòb pou voye, lekòl pou peye, timoun pou bay manje
Lajan an poko menm nan mwatye
Kòb pou voye, lekòl pou peye, timoun pou bay manje
Lajan an poko menm nan mwatye

[GAYO NOIR]
Map chache lavi a
Kite’m chache lavi a
Map chache lavi a
Kite’m chacheeeeeeeeeee!!

[YOUNG CED]
Sak pase sak pase?
(Nap boule! Nap boule!)
Mande ki sak pase?
(Nap boule! Nap boule!)
Souvent on dit ça va pou evite bay plis detay
Lavi mande fòk ou travay pa bay lavi di avantay
Pa di ou kwè ou ka, ou kwè’m ka, ou kwè ou ka
Si mwen kapab e li kapab, m’ kwèw kapab tou.
Mwen gen on rèv, on jou poum met on tòj
Pou lekòl la m’ asepte domi nan kalòj
Mal koupe kale bale rouze kole pyese
Kwak lavi fòse’m, lavi pyeje’m, fak la fòk li peye
Nou gen on sèl kriz, on sèl mit on sèl dream
On sèl ritm nou vle mete an amoni
Nou gen on sèl bu, on sel plum, on sèl rim
Pou nou tout sèvi peyi’n jouk tan mayi mi

[DED KRAZY]
An nou rasamble
Kite lanmou gide nou bloke èn ki nan kè nou (oh Lord)
Ale nou prale
Pale pawòl la nan tout zile fè tande vwa nou (hum hum)
Anpil nan yo san papye
Men se pa sa yo ta vle
Chagren problèm melanje
Pa dim ou pa konsène
Lajanw poko nan mwatye
Parew pou bwase mòtye
Se yon reyalite ki ka frapew nenpòt kotew ye.
An nou rasamble
Kite lanmou gide nou bloke èn ki nan ke nou (oh Lord)
Ale nou prale
Pale pawòl la nan tout zile fè tande vwa nou (hum hum)

[YOUNG CED]
Nou gen on sèl kriz, on sèl mit on sèl dream
On sèl ritm nou vle mete an amoni
Nou gen on sèl bu, on sel plum, on sèl rim
Pou nou tout sèvi peyi’n jouk tan mayi mi

[DJEMIMA]
Map gade lavi a , m’oblije pran lari a ak tout fòs mwen
Pou’m gen pari a
M’pa ka ret tèt a tè, ti moun yo paka rete pye a tè
Papa y’ ap vann dlo, m’oblije nan vann pèpè
Pwojè’m yo konn vle tonbe nan dlo
Pwoblèm yo konn vini pou blo’m
Twop dèt pou’m peye, m’pa ka ret gade
Fòk mwen bwase, lajan’m poko menm nan mwatye.
Menm si’m pa gen papye, m’pap fe lachteeeee eh eh!!
Jou a va rive , ehhh!

[GAYO NOIR]
Lajan pou voye
Lekòl pou peye
Ti moun pou bay manje
Lajan poko nan mwatyeeeee
Lajan poko nan mwatyeeeee
Lajan poko nan mwatye!

[JEAN MACCENAT]
(Saxophone)

PATRICK
Fò’n pa dekouraje fòk nou lite pou’n avanse
Menm si move van soufle yon jou kan mèm na va rive
Lavi a pa dous se vre, benefis divize, mizè miltipliye
Sa pa vle di lavi’n fini, travay pi di, pòt yo va louvri

JEAN MACCENAT
(Saxophone)