Eleksyon Mantal • Triple-J

ADDED BY TIZER (AUG 21, 2015 AT 8:20 AM) 18,597 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Produced by: Poppy Duverné

Eleksyon mantal, Triple-J… yeah

[Verse 1]
Eleksyon tèt gridap, eleksyon monte kap,
Eleksyon madigra
Eleksyon koulou koukou, konn bèf
Eleksyon payas
Eleksyon kanson fè
Eleksyon pye kout, pye kout pran devan
Eleksyon piyanp, piyanp pan pan
An miyan m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

[Hook]
Fò n chanje mantalite nou
Fòn kase chèn ki nan tèt nou
Fò n panse demen pou timoun yo
Fò n pwòpte kè nou avan n sal dwèt nou
Pwòpte kè nou avan kandidati nou
Pwòpte kè nou Triple-J di nou
Pwòpte kè nou (2x)

[Verse 2]
Eleksyon nèg ak brenn, eleksyon nèg gwo grenn
Eleksyon fo pastè, eleksyon sòt fidèl
Eleksyon nèg site non solèy pou sèvi ak moun Site Solèy
Pou fè yo gen somèy
Eleksyon gita dezakòde,
Eleksyon chantè k ap detone
Eleksyon blag, eleksyon devinèt
Eleksyon alanvè, eleksyon tèt anba
Eleksyon kandida pi plis ke elektè

[Hook]

[Verse 3]
Eleksyon krik, eleksyon krak
Eleksyon tim-tim, eleksyon bwa chèch
Eleksyon kandida ki vin fè je chèch
Eleksyon Toto ak Ti Joël
Eleksyon Bouki ak Ti Malice
Eleksyon san kat elektoral
Eleksyon san moun Kwabosal
Eleksyon trètman Lopital Jeneral
Eleksyon pwovèb, pwovèb Kreyòl
Eleksyon kouri pou lapli tonbe larivyè
Eleksyon bat chen an, tann mèt li
Eleksyon grenn mwen, grenn mwen plen men m
Eleksyon “Sa k pa kontan anbake”
Eleksyon chen ki wè zo
Eleksyon chat ki wè bè
Eleksyon bouche nen w, bwè dlo a kanmèm
Eleksyon balon won pou tout moun

[Hook]
Fò n chanje mantalite nou
Fòn kase chèn ki nan tèt nou
Fò n panse demen pou timoun yo
Fò n pwòpte kè nou avan n sal dwèt nou
Pwòpte kè nou avan kandidati nou
Pwòpte kè nou Triple-J di ou
Pwòpte kè ou (2x)
Pwòpte kè ou avan w sal dwèt ou
Pwòpte kè ou avan kandidati ou
Pwòpte kè ou avan w pwomèt sa w pa ka bay

[Verse]
Eleksyon pye kout, pye kout pran devan
Eleksyon piyanp, piyanp pan pan
An miyan m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou
Eleksyon pye kout, pye kout pran devan
Eleksyon piyanp, piyanp pan pan
An miyan m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou

[Verse 4]
Eleksyon m pase isit pou m tounen lòtbò
Eleksyon fò m chèf Ayiti pou m rich lòtbò
Eleksyon manman m fè twa pitit si youn pa la
Lòt pa ka ranplase l
Tout pa la — gouvènman, opozisyon pèpyèl
Chanje mantalite nou

Pa vann vòt ou
Vote ak kè w, vote ak konsyans ou
Triple-J