Eske Gen Espwa • Eff-pako

ADDED BY THEMAN (AUG 2, 2015 AT 3:23 PM) 19,582 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Eff-pako

[INTRO]
Yѐah ansanm yo di ke nou fò
Ann montre yo ke nou se hero
Like Desalin e kapwa
Eff-pako (guess who)

[I]
Eske gen espwa ,pou jѐ n ki nan geto yo
Sak leve maten ,kipa menm ka bwѐ yon ti gout dlo
E yo pa gen fanmi zanmi ki pou ba yo
Pou yo su viv ,y ‘oblije kreye mwayen pa yo
Gen sak kenbe zam,gen sa ki van’n nanm yo
Yo viv twòp dram,gen sak kap vann dlo
Anpil nan yo adikte ak dròg akòl ,ak sex
Anpil nan yo subi anba vyòl e injustis
Yeah,yeah,eske gen espwa
Pou sa ki nan prizon ki kondane jamѐ jije yo
Yѐah,yѐah,eske gen espwa
Pou sa ki lopital ki pa jwen’n tretman yo
Eske nou kondane poun viv dan lendijans
Eske nap kontinye di wi ke nou pa gen chans
Ansanm ansanm vrѐman sa kab chanje
Si nou sispann zizani ak tout ipokrizi

[Chorus]
Eske gen espwa aa pou jѐn ki nan geto yo
Sak leve maten ki pa menm k bwѐ yon gout dlo
Eske gen espwaaa,pou malere san zabri yo
Sak nan lari pa gen kote pou yo rete yo ( 2fwa)

II
Se twòp bagay nou pѐ di
Kifѐ jodia nou paka rejwi
Se twòp bagay nou pѐ di
Ki fe ak nou lot peyi ap mal aji
Se tiye frѐ n depote yo san rezon
Sak pabon pou sak yo pa bay makout li pouki rezon
Yѐah,nou se chѐ sou yon sѐl kò
Sonje byen mal pa lanmò
Isi se konpetisyon relizyon, problѐm inondasyon,
Problѐm erozyon dim byen ki solusyon
Tandiske yap fome ti pati yo pou eleksyon
Tout vle vin prezidan,pou yo souse yon sѐl bibon
Le yo bezwen pouvwa yo jwe n tankou toupi
Demen se yo ki pap pѐ lage n nan trou pi
Tout sa yo posede lakay yo,vo millions.
E gen anpil malere kap viv nan move kondisyon
Konnen lѐ pѐp fache menm si yo 2,yo vo mil lions.
Eff-pako di pran yon position pou yon lôt revolution

[Chorus]
Eske gen espwa aa,pou jѐ n ki nan geto yo
Sak leve maten ki pa menm k bwѐ yon gout dlo
Eske gen espwaaa,pou malere san zabri yo
Sak nan lari pa gen kote pou yo rete yo ( 2 fwa)

III
Se vre espwa fѐ viv
Men ici nou gen twòp jѐ n kap mal viv k’ala driv
Ankô ti moun yo paka swiv
Respѐ pou tout ayisyen ,ki yon patri pòch,
Respѐ pou tout ti machan’n kap san soti nan ròch
Kap bay ti moun yo bon jan edikasyon,bon jan sans daksyon
Pou demen pou avni yo k asure
Ici bas nou gen tròp talan ki meprize
Twòp jѐn ki nan pede
Twòp krim anrejistre
Ann fѐ yon ti revize,pou n wѐ jan peyi n teye
Poukisa figi peyi nou ,nou paka chanje
Nou gen twòp moun kap meprize reyalite
Trôp moun kap ankouraje medyokrite
Li pa janm twò ta pou nou chѐche aranje nou
Si nap domi reveye n ,just pase dlo nan je nou
Antouka ann pran sans responsablite n
Priye god la ak lafwa yon jou kanmen’m la delivre n.

[Chorus]
Eske gen espwa aa,pou jѐ n ki nan geto yo
Sak leve maten ki pa menm k bwѐ yon gout dlo
Eske gen espwa,pou malere san zabri yo
Sak nan lari pa gen kote pou yo rete yo ( 2 fwa)

[Outro]
Ah.ahh,, yo sak pa bon pou you n li bon pou yon lòt
Jan map gade bagay yo laa, li pa bon pou nou e menm pou zòt