[Verse]
M mete pye m ladann
Tankou son tenis
Kounya menm nan wout ou
Tout moun kap diss
Yo vin avèk bar, men w vin ak pans ou
Ou BIG vre, men gwosè pans ou
Gad valè fake nan kou w,
Map rache tout nan kou w,
Ou pa teste bote lavi lè w konn rap ou lèd tankou w
E yow, kawotchyou kap woule sou klou
Se nòmal pou l gen flit
M son fistibal, e devan m ou son tchit
Genlè bliye, chak lè w konn wè m
Tanpri Kowkow banm on Pic
Lè w gon ti tan, tanpri banm on feat
Kounya w diss mwen,
M vin pran 1 m back ret ak Zewo w la
Misye fache, paske m te di l kontakte label a
RKM babyyyyy se ou k te fè pale cho
Plim pam nan menm, Fòs yon black
Me on ALBUM FOTO kenbe sa nan men w
E m pap bay kenn fake okenn pòz ladann
Look mwen fè w high tankou tenis mwen gen bòz ladann
Se swa w kontanple lavi m,
Oswa w postène devan m pote m
Diss sa se odas ou, pou jan w bo pye m
Yeahhhhhhh, bote lavi
Se mwen kap jwe tou 2 mitan yo
Fout chita sou ban an la aaaaa
M pral fè w pè kamera, son ti kout flash ou pran laaa.