Mwen Retire’w Nan Tèt Mwen • Izolan

ADDED BY THEMAN (JUL 26, 2015 AT 3:46 PM) 28,566 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: DaMarco
Lyrics by: Izolan

Izolan, DaMarco baby

Yon sèl bagay mwen konnen

[Hook]
Yon sèl bagay ke mwen konnen
M konnen m retire w nan tèt mwen
Mwen jwenn on lòt ke mwen renmen
Li toujou la pou mwen e se avèl map fè vi mwen
[2x]

[Verse 1]
Cheri lè w te fèk kite m m pap ba w manti m toumante
Paske se ou k ta gide m ou fè lavi m vin ante
Ou fè m tounen ti bebe tèlman nan pye w map priye
Ou tounen imakile, tèlman nan pye w mwen priye
Tout sa w fè m toujou dakò paske pou ou m tap pran kè
Kounya m pa kapab ankò, m prèske tounen panikè
Tèlman m fè enmi pou ou menm ak zanmi m mwen fè fòkè
Pa panse map rap pou ou se lanmou w yo m ap met atè
Sa w te fè m yo pa anyen, okontrè yo fè m aprann
Si tout moun wè m ap plenyen se paske mwen pat atann
Ou tap antre nan lavi m ou pran kè mwen pou w kraze
Bondye fè m te gen on rezèv kounya sou li m apiye

[Hook]
Yon sèl bagay ke mwen konnen
M konnen m retire w nan tèt mwen
Mwen jwenn on lòt ke mwen renmen
Li toujou la pou mwen e se avèl map fè vi mwen
[2x]

[Verse 2]
Sèl konsèy m ta bay on thug piga n damou yon fanm plis
Jodya li ka baw yon bèl hug demen sou ou l monte vit
Dè fwa li trete w byen sweet lèw trò in love li diw
Fanm ou wè w lage kòw ba li toujou sou ou li fè hit
Kounya m resi deside pou m pa mande padon ankò
Jalouzi konn fèm fristre kèm pap pran kout baton ankò
Nan je moun mwen gen rezon pou ou m konn dakò antò
Kounya m jwenn yon malerèz m pap baw manti li fè
Lè w te fèk vire w ale mwen te panse map peri
Byen konte mal kalkile tankou Ti Jo cheri m geri
Fanm sa tèlman nice avèm li pa fèm fè move san
Bondye ban mwen n kòm yon - mwen bal ti non inosan

[DaMarco]
M te ba w kè mwen, m te ba w nanm mwen, m te ba w vi m an antye
Ba w yon bebe an verite se pa sèlman sa m te vle
Pwojè m se pou n te marye pou n fòme on fwaye
Se sèl Bondye k gen plizyè zye ki wè nan kisa m tap ye

[Hook]
Yon sèl bagay ke mwen konnen
M konnen m retire w nan tèt mwen
Mwen jwenn on lòt ke mwen renmen
Li toujou la pou mwen e se avèl map fè vi mwen
[2x]