M Pap Janm Ka Bliye’w • Simple Boys

ADDED BY THEMAN (JUL 12, 2015 AT 9:31 PM) 28,607 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: K-libr’|L.E|Madmax|Jeezzzy|MechansT|Beby Joe|Ti Wès|Tob

Simple Boyz baby

[K-libr’]
Click click yo
Pandan map rap la m tou pè pou jan lavi pa m taka fini
M pap di w repoze an pè tout tan asasin an pa pini
Men enpinite nan peyi m son w machin se bandi legal kap kondwi li
Pou Riveles mpap fè omaj paske vensetan pa ta ekspetans vi li

[L.E.]
Chak segond nan vi m m te toujou wè w kap briye
Mpa ka admèt mwen pral site non w au pase
Jouk tan m ale nan lespri m wap rete grave

[Madmax]
Ou imòtèl e ou gran paske ou pat nwi pou w pèdi viw
Nan di aba enjistis pwòp lajan tax ou ki detwi w
Repoze an pè devan kouraj ou mwen pliye
Toujou ret on frè nan tout vi m mwen pap janm bliye w

[Jeezzzy]
Son w pasaj ki oblije pokok gen moun k ale k tounen
Ou ka saj avèk lavi pandan lanmò mande w goumen
Ou te simple boy yo etwal ki ta pral file
Kè pa janm sispann bat san rezon men non w ap toujou site

[MechansT]
Li mete on tristès nan nou fè nou ap viv ak plis strès nan nou
Kiyès nan nou ki chè san nou, koz nou tout se richès an nou
An e konsa misye rete tire kisa l te fè lè l wè Rivels tap detire
On neg rete pou l rale on zam pou l baw li pa mete e pouki l retire

[Beby Joe]
Nouvèl lanmò anvayi mwen sou tout fòm
M atriste map panse li aji sou tout kò m

[Chorus]
Nan kè m wap toujou rete
Nenpòt kote mwen ta pase
Non w ap toujou ka site
Pou tout sa nan vi m ou repranzante
Mwen pap janm ka bliye [3x]
Nan panse m wap toujou ret sikatrize

[Ti Wès]
Se kòw ki ale nan nou nanm ou ap toujou rete
Sa fè tris nou pap jwenn ou poun kale blag pou n pale
Poun chante poun danse, se lajenès ki blese
Se volonte mèt lavi nou pap pale pou n ofanse

[Toby]
Nou chak gen on malè k pandye sou tèt nou
Si wap viv toujou se di bondye mèsi byen jwe pou tèt ou
E tout sak fèt gen rezon pa l
Yo Rivels ke nanm ou repoze an pe e prezan pam

[Roodyman]
Franchan m vle pale a Rivels pou l di m sa l te pèdi jouk la
Li pa tap kite l rive l si l te konn sa k tap gen jou sa
M pa tap gen pwoblèm si l ale si m konnen l tap retounen
Ke nanm li repoze an pè, m site non l m pa detounen l

[Junior Bonheur]
Zanmi an mwen pouki w ale?
Valè projè n te gen ansanm
Kounya jodya w pa la
Imaj ou ret nan lespri mwen

[Chorus]
Nan kè m wap toujou rete
Nenpòt kote mwen ta pase
Non w ap toujou ka site
Pou tout sa nan vi m ou repranzante
Mwen pap janm ka bliye [3x]
Nan panse m wap toujou ret sikatrize

[Melo]
Ou mouri twò bonè pou laj ou ou atriste antouraj ou
Yo mete chagrin yo mete regrè ak tout dlo nan je tout baz ou
Tout fanmi w ap kriye se tout lakay ou k frèt
Bondye konn tout bagay nigga ke volonte l fèt

[KP2L’OR]
Yo di m vin chante yon mizik pou fineray ou
Tounè boule m mwen pa kwè ke bonè w fèmen pa viw
Gad sa misye fè eske se yon jwèt
Kiyès ki ka di m kilè Riveles ap tounen

[Oldjanie]
Mwen vin pè mwen di kyèt
Pou mwen ou se jèn yo detwi vi w
Map mande tèt mwen eske Haiti merite pou yon jèn viv

[Rutshelle]
Yon sèl pitit gason manman an te genyen e li te zanmi mwen
Absans ou make m mwen paka kwè w ale

[Chorus]
Nan kè m wap toujou rete
Nenpòt kote mwen ta pase
Non w ap toujou ka site
Pou tout sa nan vi m ou repranzante
Mwen pap janm ka bliye [3x]
Nan panse m wap toujou ret sikatrize

[Toppy X]
Ou konn jodi ou pa konn demen Ou la jodi demen ou byen lwen
An nou met tèt ansanm pou nou priye pou prann nan men ak de men
E nap toujou goumen pou rèv ou reyalize
Menm si w ale Riveles nan kè n wap toujou rete

[Roody Roodboy]
Nou tout ap fè mizik nou tout ap kouri dèyè vèt la
M sonje janm trip sou ou pou ti cheve dèyè tèt la
Rivels nan kesyon dans ou pat gen rival
Depi lè w ale a m pap baw manti m vin tèt gribay