Depi Lè’w Pa La • Fantom

ADDED BY THEMAN (JUL 12, 2015 AT 5:13 PM) 36,842 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Rutshelle
Lyrics by: Fantom

[Verse 1]
M pap mande w kijan w ye, je m ban m pa gen anfòm ke ou
Se byen domaj huh ankò se pa mwen ki pran fòm kè ou
M eseye bouke chache mpa jwenn sa k ka ranplase ou
Pou m nan fè nwa m pa ka wè sans te flater lanp la se ou
Pou m kòmanse mwen konsyan de erè mwen te komèt yo
Oui j’etais con, mpat respekte tout sa m te pwomèt yo
Pou mwen ou te bon, se mwen ki te aji kou tèt cho
M te pran w tankou pon m fè travèse tout ti bèt yo
Depi lèw pa nan lavi m nan zanmi m yo pa banm baz
Mwen pran lòt fi pou m ka bliye w se atò m santi m raz
Solèy konn leve li kouche, de je m rete kale
M reyalize se ou k souf mwen tout sa m te posede

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]

[Verse 2]
Chalè kòw manke fèm konn nan ki tranp mwen pran
Krache w m anvi bwè nan plas yon boutèy ven blan
M renmenm mwen vle w di m, konsa m tap santi m vin gran
Mwen konnen pou arguman m yo ou pap twouve m konvenkan
Depi lè w pa la mwen pèdi yon pati nan mwen
Cherie kwèm fwa sa lanmou w nan ou pap banm li an ven
Mare m nan ke wòb ou paske m pa vle w pati san mwen
Si gen on match lamou se ou m vle pou patizan mwen
Lè map fè lanmou ak yon lòt se non ou map lonmen
Mwen te gen on ex ki se ? se chak jou nou goumen
M wè map viv m pa konn kijan, bondye sèl ki konnen
Reprann nan vi w manman lavièj pou m pa pèdi nanm mwen

[Rutshelle]
Mwen jwenn ou ak Fania yon premye fwa mwen te padone w
Stephania ak Deborah nan salon m pat abandone w
Sak pi rèd la ak sèvant la nan chanm nan mwen bare w
Se vre mwen anvi sa men mwen pap antre nan pitye ou

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]

Ou gen rezon, si w vle ou mèt pran m pou esklav ou
M pap rekomanse kwè m siw vle mare m nan pye tab ou
M ba w pawòl mwen m garanti w kounya map pran lòd ou
Aprè tou m grandi ase kounya map konprann ou
Absans ou fèm konnen aransò nan sewòm
E m prè tou pou mwen menm tatoure nonw sou kòm
Mwen vle w tou fwa sa se tout bon se sou tout fòm
Reprann chou kounya m pap koute pawòl lèzòm

[Chorus]
Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye
Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m
Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je
M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale
[2x]