Again Ankò • 509

ADDED BY THEMAN (JUN 20, 2015 AT 12:15 PM) 20,349 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015

[Intro]
Oh oh [3x]
Bri a kouri nouvèl la gaye – 509 again ankò
Oh oh [3x]
Bri a kouri nouvèl la gaye

[koral]
Meloman avèti nou tout konsène

[Verse 1]
Mesye e dam la sosyete kijan nou ye
M bese byen ba devann jodya pou m di n mèsi
Se gras a nou ke 509 ekziste toujou
Ansanm ansanm ann selebre jou n tap tann nan rive

[Koral]
Meloman avèti nou tout konsène

[Verse 1]
Tout sa k tap soufri, jodya soufrans yo pral fini
Sa k te dekouraje kounye la yo ka souri
Sak te manke nou wi n te manke yo tou
Se sak fè deside pot 509 pou yo ankò

[Koral]
Lavi se yon lekòl chak jou nou leve nap aprann – se vre wi
Si w vle fè siksè, fòk ou pa janm pè fè erè
Pa konbyen fwa w tonbe men se nonb de fwa w leve kanpe
Lèzòm pa baw anyen
Qui ne risque rien gagne rien

[Guitar solo]
Depi l twò cho pou ou ou mete l atè dousman
Un et un pa janm fè kat se de l fè, haha
Ralph Menelas

Woy woy [2x]
Ti mesye chante

[Koral]
Yo mande li nou potel ba yo
Gen lontan yo tap tann gen sa k panse se te pwopagann
Konpa dirèk kap tonbe
509 retounen bri a kouri

Tout sa ki tap soufri yo – oh oh
Tout malad 509 yo – oh oh
Tizè konpa dirèk yo – nou pote l pou yo again ankò
Tout moun sa te fè mal – oh oh
Lè nou te kanpe nan wout – oh oh
Fwa sa se pou tout bon 509 sa pa gen dout

[Koral]
Yo mande li nou potel ba yo – tou limen
Gen lontan yo tap tann gen sa k panse se te pwopagann – yo te konprann se blòf
Konpa dirèk kap tonbe
509 retounen bri a kouri

Pou sa ki tap mande l yo – oh oh
Tout fan ki te sonje l yo – oh oh
Ti medam 509 yo – nou pote l pou yo again ankò
Pou sa k renmen danse – oh oh
Bon flannè kap depanse yo – oh oh
Pou tout media kap travay pou voye konpa kirèk monte pi wo

[Trunpet]
Nou pa bezwen site non, yo konn kiyès yo ye

[Keyboard Solo]
Padan yap ranse, nap travay
Yo lazy

Prestige production pwoblem pap janm fini
Pwoblèm pap fini
Jwèt sa jwèt sa tout ti vis – lakay se lakay, Kenny Desmangles lakay li
Pwoblèm pap fini

Fanatik mèt poze, pare n pou n vin fete
Fwa sa se pou tout bon, nou retounen pou de bon
Nou vini pou n travay e n pa vin bay piyay
509 son w mèvèy
Tout moun leve menn anlè pou n sake sa

Sake sa – wi [6x ]
Popo podopow

[Keyboard]
Kiyès sa – se konpa
Ki konpa – 509
Anyy ou gen chans, ou menm ankò
Mete chita konpa

Anmwey
Padan yap ranse, nap travay
Yo lazy
509 again ankò

Trouble pwoblem pap janm fini
Pwoblèm pap fini – Jean Marie
Jwèt sa jwèt sa tout ti vis – mò rèd depi opa
Pwoblèm pap fini

Ralph Menelas
Woyy, only one
Ou wè 509 sa li vini ak tout dans li

Watch me nene – watch me, watch me we
Watch me nene – ti medam ann ale
Watch me nene
Watch me nene – watch me hey

Wii
Watch me nene – sake ay watch me danse
Watch me nene

[Trunpet]
Haiti cheri li pa ni de li pa ni twa, 509
Ou tap rim