Kote’w Te Ye • Beken

ADDED BY GEN11 (MAY 25, 2015 AT 10:09 AM) 24,910 VIEWS EDIT

Genre: Twoubadou
Album: Troubadour
Year: 2015
Lyrics by: Beken

[Verse 1]
Depi byen lontan ma’k yon bwa gita
M’ape chante pou la trinite
Fò’m pa bliye Sent Sesil
Ki se manman tout mizisyen

Fanatik tande, pasyan!
Yape mande ki kote’m te ye
Monchè Beken sò fè-n konsa
Ayayayayay…

[Chorus 1]
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Mmmmmm m’ pat nan mawon
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Pwen di tou, mwen pat an ekzil
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Panse’m tap panse pou nou
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Wi mwen retouten
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)

[Verse 2]
Yon si bèl metye konsa-m gen nan menm
Koman-m ta vle pou-m fèl abandon
Se pa tout moun ki ka jwenn don
Sa se don pam Bondye ban mwen
Kriz politiz fè-m fon ti silans
Yo mache dim pap chante ankò
O non non non, non se pa vre
Men poze’m kesyon

[Chorus 2]
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Pwen di tou, mwen pat an ekzil
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Non mwen pat nan mawon
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Panse’m tap panse pou nou
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Wi mwen retounen
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)

[Verse 3]
Wi mwen konnen byen Beken son sewòm
Ki pot solisyon pou tout kouch sosyal
Kèlke lan saw nasyonalite’w
Depi’w tande’m fò konsole
Sèt fwa si verite sou tanbou
Sifle lanbi, m’ kriye avanse
M’pote nouvèl sewòm pou nou
Men medikaman

[Chorus 2]
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Pwen di tou, mwen pat an ekzil
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Non mwen pat nan mawon
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Panse’m tap panse pou nou
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)
Wi mwen retounen
(Kote’w te ye kavalye Beken, Kote’w te ye)

Bri kouri wi nouvèl gaye
Nan Miami yo di mwen mouri
Fanatik di non sa se manti
Dennyèman’m t’avè’l Ayiti
Lakou Nouyòk rele anmwe
Ki nouvèl sa nap tande la
A Pari di fò’m tounen chante
Kite’m rele

[Chorus x2]