Veye Yo • Les Frères Parents

ADDED BY TIZER (MAY 22, 2015 AT 2:03 PM) 17,267 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Veye Yo
Year: 1987
Lyrics by: Jean-Jacques Clark Parent

[Intro]
Non, non — non c’est pas possible
Pou yon ti peyi kou Ayiti gen tout kandida sa yo
Non, non — non c’est pas possible
Pou nenpòt entèlektyèl malouk gen foli prezidan
Kandida machann peyi
Kandida vye bout mamit
Mete chen dèyè yo (2x)

[Verse 1]
Depi lè ti konkonb t ap goumen ak berejèn
Depi lè granpapa papa papa m te jèn
Nou te toujou ap goumen pou n fè yon revolisyon
Pou n wè si n a chanje tout vye sitiyasyon
Nou fè ti pil, gwo pil, nou chanje gouvèn man
Men bagay la toujou rete menman parèyman
Anbisyon pou pouvwa tèlman fè n fè tenten
Pafwa n konn menm bliye pou kisa n ap goumen
Ka depi ti nèg wè l ka di 2 mo franse,
Li gentan met an tèt li kapab prezidan
Si tèlman n fè tenten, si tèlman nou ranse,
Nou fè 1804 sanble ak yon aksidan

[Chorus]
Non, non — non c’est pas possible
Pou yon ti peyi kou Ayiti gen tout kandida sa yo
Non, non — non c’est pas possible
Pou nenpòt entèlektyèl malouk gen foli prezidan
Kandida machann peyi
Kandida vye bout mamit
Mete chen dèyè yo (2x)

[Hook]
Gade kandida (2x)
Kote yo soti, kote yo prale?
Gade kandida (2x)

[Verse 2]
G on seri de zizuzu ki pa menm konn a nan politik
Men depi le 7 fevriye yo tout gen foli prezidan
Moun sa yo se pa afè peyi presizeman ki enterese yo
Men yo tout ap travay pou yo kab al pran ochan devan katedral
Lè w tande moun sa y ap pale, w a konprann yo se patriyòt
Si w ta wè pwojè sosyete yo, ou ta va ba yo 10 sou 10
E poutan m pa kach pa de di nou, moun sa yo patri yo se pòch yo
Se si yo ta va rive prezidan, ou ta va wè longè grif yo
[Hook]
Wo - Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida ti sousou
Veye yo, se pou nou veye yo
Tout tchoul enperyalis
Veye yo, se pou nou veye yo
Rèstavèk Meriken
Veye yo, se pou nou veye yo

[Verse 3]
Vincent ale Lescot monte
Lescot pase bay Estimé
Estimé kite pou Magloire
Mizè malere pa chanje
Magloire menm bay Duvalier père
Duvalier père menm bay le fils
Le fils ba nou yon CNG
Mizè malere vin pi rèd

[Hook]
Sa pou n fè? (2x)
Veye yo, se pou nou veye yo
Ansyen Duvalieriste
Veye yo, se pou nou veye yo
Ansyen Tonton Makout
Veye yo, se pou nou veye yo

[Xylophone solo]

[Hook]
Veye yo, se pou nou veye yo
Ansyen Duvalieriste
Veye yo, se pou nou veye yo
Ansyen Tonton Makout
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida Jean Claudiste
Veye yo, se pou nou veye yo

[Interlude]
Mezanmi fòm kandida ke m wè la yo, nou pa kwè yo ka fè anyen pou nou mezanmi.
Depi 1804 se fòm moun sa yo nou toujou wè nan administrasyon peyi a.
Se yo k ap pale franse nan lachanm. Tout patou se yo w toujou wè.
Si gen yon bagay k ap fèt, yo ta fèl deja. Antouka, pwoblèm pèp se pèp k ap rezoud li.
Moun ka soti de lès a lwès. Men toutan se pa pèp ki rezoud pwoblèm pèp, pwoblèm pèp pa ka rezoud mezanmi.

[Hook]
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida ti sousou
Veye yo, se pou nou veye yo
Ansyen Duvalieriste
Veye yo, se pou nou veye yo

[Verse 4]
Gran nèg woule machine gran pri,
Gwo kay ap bati nan Fermathe
Malere menm nan La Saline kontinye ap dòmi sou nat
Pitit gran nèg al fè vakans, swa an Belgique oubyen an France
Transfè ap fèt de bank an bank
Malere menm toujou sou mank

[Hook]
Sa pou n fè? (2x)
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida ti sousou
Veye yo, se pou nou veye yo

[Xylophone solo]

Veye moun sa yo. Pou yo pa vin fè menm jan.
Tout tan menm jan. Tout tan se yo k jwi.

[Hook]
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida malatchong
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida ofisyèl
Veye yo, se pou nou veye yo

[Interlude]
Antouka, mwen te di nou deja pwoblèm pèp se pèp k ap rezoud li.
Grangou ki nan vant chen, kabrit pa ka santi l.
Menm chen mòn pa jape menm jan ak chyen lavil.
Fòm kandida ke m wè yo la yo, yo pa ka rezoud pwoblèm Ayiti.
Pwoblèm pèp la se pèp k ap rezoud li mezanmi.
Depi 1804 se fòm moun sa yo nou wè nan administrasyon piblik yo.
Y ap pale franse. Franse mele ak Kreyòl dèpafwa pou yo kab kraponnen moun.
Mezanmi veye yo, veyo yo, veye yo.

[Hook]
Veye yo, se pou nou veye yo
Kandida ti sousou
Veye yo, se pou nou veye yo
Tout tchoul enperyalis
Veye yo, se pou nou veye yo