Nou Dwe • Zatrap

ADDED BY DIDIER (MAY 18, 2015 AT 7:00 PM) 22,284 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[REFREN – Shedlin]
Chak fwa w' wè sa pou fè ou pa fèl
Se peyi a w' kraze
Sispann di sèl mwen paka chanje
Sitiyasyon nou ye
Menm jan nou gen dwa nou gen devwa tou
Anvè fanmi n' anvè zanmin peyi n'
Nou gen dwa manje e manifeste
Menm jan tou nou gen dwa pou n' kolabore

[PASKAL]
Pou reyisi an ayiti
Avan w' pat bezwen gen yon vokasyon
Yo ! sa son w’ pwoblèm “d’éducation"
Li trè kritik pou se dasomann ki vle dirije yon nasyon
Li oze pwopoze l'
Pesonn pa depoze l' yon "minimum de préparation"
Aprè w' pral di li dwe
E si l' diw sal te achte
W’ pral plenyen di lap mal lide
Kote w’ konn wè sa l’ te rachte
Fè lobi di l’ap koupe rache
Ak pwòp tèt pa nou nou detache
Nòmal avè n’ pou l' ta koupe fache
Li gen pou l' di nou tout ale chyeeee
Nou dwe sispann pran sa n' konnen ki “faux" pou bon
Se nou k' pou fè yo fè "faux bon"
Sispann sèvi avè yo pou bibon
Devan n’ lè w' vini fè grimas se yon fo chofè
Pap gen plas pou bay vye kout gidon se yon fo chofè

[REFREN – Shedlin]
Chak fwa w' wè sa pou fè ou pa fèl
Se peyi a w' kraze
Sispann di sèl mwen paka chanje
Sitiyasyon nou ye
Menm jan nou gen dwa nou gen devwa tou
Anvè fanmi n' anvè zanmin peyi n'
Nou gen dwa manje e manifeste
Menm jan tou nou gen dwa pou n' kolabore

[LYWES]
Nou dwe met aksan sou tout fòm “d’impots”
Pou peyi a yo reprezante yon kokenn chenn depo
Pouki se pa sak fèt ?
Pouki se pas kap fèt sou do nou ?
Yo al opa san piye
Mete tizon bò wonn k’ap piye
Pou asire kapital yo
Yo achure kapital yo
Se pwòp san n’ patizan n'
Ki ban n’ vye te tizann
Annanna pou sizann
Blofe tout peyizan n'
Panse se yo k’ pi fò
N’ konnen pèp la bitò
Lè li baw fil mòl pou remize pou yon lòt pati
Se nòmal si w' voye vant ou li dwe diw pati
Nou gen dwa ak devwa pou n’ manifeste
Di non nou pa vle koripsyon nou pap apiye

[REFREN – Shedlin]
Chak fwa w' wè sa pou fè ou pa fèl
Se peyi a w' kraze
Sispann di sèl mwen paka chanje
Sitiyasyon nou ye
Menm jan nou gen dwa nou gen devwa tou
Anvè fanmi n' anvè zanmin peyi n'
Nou gen dwa manje e manifeste
Menm jan tou nou gen dwa pou n' kolabore

[Shedlin]
Sa m' fè sa w' fè
Se yo k' kontribiye pou devlopman ak regresyon
Se nou k' pou bat pou n' pot chanjman ak bon aksyon
Pa gen sosyete ki ka mache san “l’union"
Fè m’ wè n’ kon n' sa nou vle
Kòmanse inifye n'
Se sa k' te fè fòs nou te libere
Pouki n' pa pratike l’ pou n' ka chanjeeeeeeeeeeeee

[REFREN – Shedlin]
Chak fwa w' wè sa pou fè ou pa fèl
Se peyi a w' kraze
Sispann di sèl mwen paka chanje
Sitiyasyon nou ye
Menm jan nou gen dwa nou gen devwa tou
Anvè fanmi n' anvè zanmin peyi n'
Nou gen dwa manje e manifeste
Menm jan tou nou gen dwa pou n' kolabore