Cherie Male • Izolan

ADDED BY MASAKADIE (MAY 14, 2015 AT 11:20 PM) 31,529 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Izolan

[Chorus]
Cheri m ale, m ale, m pap retounen
Pou opresyon ou banm nan kay la cheri m pap retounen
Cheri m ale, kite m ale
[2x]

Cheri m ale, m ale, m ale, m ale, m ale m pap retounen
Pou m ta tounen nan kay sa se sèl si m pa ta gen nen
M ap di zanmi m madanm mwen anfòm li tankou Nicky Minaj
Pandan se tan ou pa sou bò m nan kay se mwen ki fè mennaj
M konn lave pase dèfwa se mwen k fè manje
Lè m fè w ti rele w cheri, ou di m chache kote m kouche
Bagay sa banm pwoblèm, m oblije tcheke vwazinaj
Lè eksplike yo pwoblèm mwen yo di m pran nan fo makiyaj
Menm lè li konn fè m kriye, mwen te vle li pou marye
Gen moun ki toujou fache pou ou pase m te toujou varye
Mande fanmi m, zanmi m lajan mwen di yo m pral aprann pilòt
Pandan se tan ou fèmenm nan on kay tout jounen w fè m lave kilòt

[Chorus]
Cheri m ale, m ale, m pap retounen
Pou opresyon ou banm nan kay la cheri m pap retounen
Cheri m ale, kite m ale
[2x]

Eske se on vrè love, pou mwen manzè deside fè w on pitit
Lè l pran lari, toujou se mwen kap fè babysit
Mwen pa fin fò lè timoun kriye pou m ap chanje kouchèt
Pou m benyen l pou m fon w souke l avan l dodo pou m ba li lèt
Nan ka sa m sonw papa oubyen li pran m pou jeran
Avèm li pa nan ahah lè pale li met moun sou de ran
Mwen pa sonje ki dènye fwa manzè rele mwen cheri
Lanmou nou pèdi lafwa gade kijan mwen megri
Sa m te fè pou m ap peye kifè Jodi a m ap soufri
Kòm pou mwen ou pa pran pitye se w on marathon ke m ap kouri
Kita nago tout moun te wè se mwen menm kit e al chèche w
San di yon mo, kounia ou te mèt al degaje w

Lè m mande w ji ou banm dlo, ou banm do
Fanm sa tèlman mechan pa gen mizè l pa fè m pase
Lè m mande w ji ou banm dlo, ou banm do
Kounia m tèlman bouke mwen kouri pou m pa trepase
Jan m tap fight fight fight fight fight pou m ba w lavi
Ou menm wap tight tight tight tight nan street pou bèl figi
Kounia m pa mind mind mind mind si ou te pran mwen pou grapyay
M ap di ou bay, ou yeah nan stil rastafaray

[Chorus]
Cheri m ale, m ale, m pap retounen
Pou opresyon ou banm nan kay la cheri m pap retounen
Cheri m ale, kite m ale
[2x]