Konvwatiz • Fresh Up

ADDED BY NATOU (MAY 12, 2015 AT 10:10 PM) 21,513 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: New Taktik
Year: 2015
Lyrics by: Kenrick Pierre

[Verse 1]
Pouki kèm chaje lanmou
Pouki m panse avè l chak jou
Yon fi tout zanmi m konn gou
Anpil moun pa vle wè l tou
Men kan m wè l mwen anvi kenbe l
Mwen soupire, mwen tante
Gende lè m anvi koutize l
Men mwen pè pou l pa fache

[Verse 2]
Se regard, fòm kò l, bouch li
K ajite dezi m pou li
Menm jalouzi m fè pou li
Pa vle moun pale m de li
Se tout kèm, tout zantray, tout fos mwen
Kap di m renmen l plis ankò
Gende lè m santi m ta souke l
Pou l ka wè ki fanm li ye

[Choir]
Li se tout sa m anvi e bezwen menm lè m pral regrèt
Gendelè m di zafè sa lòt panse men m pè pou demen

[Bridge]
Gen moun ki di nou pap viv pou lasosyete
Men nap viv nan on sosyete
Fanm sa se tout dezi m li ye
Men m pè ale m pa vle regrèt

[Keyboard]
Cheri si sèlman, ala bagay nou tap fè
Anpil bagay

Mwen renmenn li renmen mwen
M anvi pran menn, pou m ale avè l
Mwen renmenn li renmen mwen
Men lanmou sa twò konplike
Mwen renmenn li renmen mwen
Mwen pè pou lasosyte pa kondane
Mwen renmenn li renmen mwen
Se tout zantray mwen kap dechire

Kè mwen deside, espri mwen toumante
Mwen pa ka kenbe
M anvi ale, kite m ale
Vwazinaj ap babye, zanmi ap fawouche
Mpa ka reziste
M anvi ale, kite m ale

Mwen renmenn li renmen mwen
M anvi pran menn, ale byen lwen
Mwen renmenn li renmen mwen
Men lanmou sa twò konplike
Mwen renmenn li renmen mwen
Mwen pè pou lasosyte pa kondane
Mwen renmenn li renmen mwen
Se tout zantray mwen kap dechire

[Keyboard solo]
Fresh Up
Nouvo taktik
Konvwatiz

[Outro]
Mwen renmenn li renmen mwen