Map Kite • Izolan

ADDED BY GEN11 (MAY 7, 2015 AT 2:02 PM) 24,465 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Izolan

[Chorus]
Cherie map kite
Pou ou m vle chanje
Kounya mpran pitye
Paske m fèw tròp
[2x]

[Verse 1]
Cherie vini fon’w ti chita, pou mwen vide konsyans mwen ba ou
Devan w mwen vle fè konfesyon menm lè m pa mete ajenou
Mwen te panse mwen te macho kounya m reyalize m te fou
E mpran konsyans mwen kòm chifon m efase tout mal l te fòw tou
Ou tap ofri’m on vrè lanmou, mwen menm mwen tap fèw fè joujou
Jodia m lonje menm ba ou, e m vle avèw nan tout pakou
Pase avèw nan tout lakou m pral fè moun bat bravo pou ou
Sou kèm pral fè on gwo tatou an majusku’l ekri non ou
Pou mwen ou se senbòl lanmou jere m tankou pitit trip ou
Ou pa vle tande m grangou, chache manje banm kon moun fou
Menm lè m pa la ou pran defans mwen, pou mwen ou prè pou w jwe tout kou
Pi gwo rekonpans ke m ka ba ou se leve vwa’l sou vizaj ou

[Chorus]
Cherie map kite
Pou ou m vle chanje
Kounya mpran pitye
Paske m fèw tròp
[2x]

[Verse 2]
Gade kounya m nan lin de mièl, moman an dous kon siwomyèl
Mwen ak ou tankou de toutwèl kap pouse zèl pou n al nan syèl
Cherie se vre zanmi w yo bèl men erè sa mwen pat dwe fè l
Devan w mwen son w kriminèl, oh padon letènèl
Tout sa pitit ou vle ou fèl, rann mwen ak li etènèl
Cherie ou bèl bèl, ou son w modèl girl
Tout moun pral wè l wè l, kounya n pral byen fè l
Avèw pral fè lago lago, mpral fè ti jwèt en dous en cho
Mpral ba w lanmou kon w pate cho, kounya pou ou m son w bon macho
Aprè lapli se le bon tan, kounya m se neg ou pou tout tan
Pou lòt moun mwen pap gentan, nan je m ou twò konpetan
Pèsòn pap ba w move jan cherie ou mèt fè kè w kontan

[Chorus]
Cherie map kite
Pou ou m vle chanje
Kounya mpran pitye
Paske m fèw tròp
[2x]