M Wont Pou Yo • Atros

ADDED BY DIDIER (MAY 5, 2015 AT 6:57 PM) 17,255 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Stael
Produced by: Vibe Recordz
Lyrics by: Atros

[Intro]
Ayiti se pou nou l ' ye
Se zak nou se zèv nou
Ki ka ba l' lespwa lavi
Fòn bat pou n' pa wè tèt nou
Avantou Ayiti son pa ri

[Verse I]
Yo use nou lè gen eleksyon
Pou n' ka konte pou vwa
Yo toujou fè ti seleksyon
Lè yo fin pran pouvwa
Pawòl yo pa janm klarifye
Anpil nan yo pa kalifye
Se kèk nan yo k' gen kalite
Yo pa sanble yo ka lite
Nou pap bay okenn chans
Nou pa fè yo konfyans
Pèp la di se twòp atò
Nèg yo pa gen bon sans
Nèg sa yo se desepsyon
Anndan kè yo tou nwa
Yo toujou prè pou defeksyon
Yo se sousou boujwa
Anndan palman si map chwazi
M'ka konte sou dwèt mwen
Nan gouvènman si map chwazi
M'ka konte sou dwèt mwen
Konbyen nan yo k' pa ipokrit
Konbyen nan yo k' pa trèt
Yo tout sanble yon bann ti lolit
Ki vinn pou fè piwèt
Wa pè blan paw yo devan w
Wa fè plan paw yo devan w
Si yo ban n' kòb la nap pran l'
Si yo ban n' dwòg la nap pran l'
Pou nou ka vann pou n' nouri
Timoun piti kap mouri
Anba grangou move lavi
Yon sosyete k' finn pouri

[Koral]
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann san manman yo
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann san manman yo

[Verse II]
M' wont pou yo, yo pran pòz afè
Poutan yo pa fè
Yon mèd pou nou, nou konn sa k' pa fè
Nou konn sa k' ka fè
Lwa dijans yo pa vote
Gwozotobre bavote
Gen chay nou pa ka pote
Mizè ti pèp lan kapote
Entegrite pou yon fwa
Moralite pou yon fwa
Nou santi nou pi itil
Ke sa k' la pou vote lwa
Respè a se yon fwa
Santiman se yon chwa
Si w pèdi l' lap difisil
Koz chak kafou se yon kwa
Vinn pile l' siw kapab
Pou w pa nan di siw te konnen
Vinn pile l' siw kapab
Tout sa k' te jwe pa dwe genyen
Se kon w pran w konnen
Nou vann tout moun Men nou pa bay resi
Nou se grenn pwomennen
N'pa anbasad men nou konn bay refi
Sou do nou yo fè politik
Pou blow nou yo fè gwo lojik
Yo pa janm pè pou maltrete n'
Yo fè nou sanble ti komik
Now geto a gen defansè
Kit ou rich ou depansè
Siw pa fè respè w wap wè
Mwen avew se de ransè

[Koral]
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann san manman yo
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann San manman yo

[Verse III]
Nou pa konn sa nou vle
Nou bliye sa nou ye
Chak nèg gen ti pati k' kanpe
Kibò yo pral foure l'
Ou ka pa kwè m' sou vle
Nou pa menm ka pwouve
Menm lapolis ki vle met lòd
Gen moun yo pap fouye l'
Tout rèv yo se pou pèp yo
Men zèv yo se pou tèt yo
Depiw tande yo pran pouvwa
Yo pran nou pou sousèt yo
Se yo menm ki pou mèt la
Yo fè n' pase pou trèt la
Menm konnen yo ka pran kout ba
Map premye bay souflèt la

Site solèy bèlè
Li leu poun leve kanpe
Gran ravin tibwa
Mw vle poun leve kanpe
Site lesko sentelèn
Li leu poun leve kanpe
Lòtbòpon ri lopital
Mw vle poun leve kanpe
Nèg gonayiv nèg jeremi
Li leu poun leve kanpe
Nèg okay nèg jakmel
Mw vle poun leve kanpe
Nèg anwo ak nèg anba
Li leu pou n ' leve kanpe
Tout Ayiti an jeneral
Mw vle poun leve kanpe

[Koral]
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann san manman yo
M' wont pou yo
Mizik sa pa kont pou yo
Sanwont yo San santiman yo
M'pap rann kont pou yo
Yo gentan ban n' kont kou yo
Mwen kont yo bann san manman yo

[Outro]
Yooo Senatè yo depite yo
M' ba yo zewo bare
Minis ki eritye yo
Yo tout pran zewo bare
Direktè bwat leta yo
Egzekitif ak lajistis
M'ba yo zewo bare
Sosyete sivil la
Opozisyon, pati politik yo
Yo tout pran zewo bare
Medya k' nan pati pri
K' pa woule mizik sa
M'ba yo zewo... M' ba yo zewo bare