Kòman Nou Ye • 45 Soldiers

ADDED BY DIDIER (MAY 5, 2015 AT 6:48 PM) 22,635 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Intro]
M anvi konnen!!
Sak gen la ayisyen?! Nap mennen ou trennen?!
Vin dim koman nou ye?!
Its fofaaa
Vin dim sak pase!!!!!

[Refren]
Ayisyen tout kote pwoche vin dim koman nou ye...
Aprèsa tout sak pase ki leson nou tire?!
Nou wè kraze brize boule pap mennen'n pyès kote,
Si tout bon'n vle avanse annou ret konekte...

Ayisyen k nan miami m' yo
Dim koman-nou-ye
Everything is ok, nap bouleeee!!
Ayisyen k nan St Domeng yo,dim koman nou ye?
Mw mande sak pasee??
Nap boulee!!
Ayisyen ki nan gettho m yo
Dim koman nou ye?
Everything is ok??
Nap boulee!!
Refijye ki san papyem yo
Dim koman nou ye,
Mwen mande'n sak pasee???
Nap boulee!

[Prestans]
Tout geto koridò! Moun nan Sidès Lwès ak Nord!
Eske'n bay lavi a vag oubien n eske n vin pi fort?!
Bagay yo vin pi wrong! Mize fè'n vin pi strong!
Sa ap ogmante inspirasyon nou pou nou lage bonm!!!!
Te a tranble avè'n! Bagay sa kase kè'n!
Vwazen raje konpatriyot nou kou bannann nan plenn!!!
Tout dosye klase swa'n vin lèd ou bèl!
Yo di prezidan'n imoral men nap men nap travay avèl!
Mwens timoun sou lekòl, nou konstate jenn yo sou banbòch!
Tout kotew kwaze yo lap difisil pouw pa jwenn 1 tòch
Nan bouch yo! Yap pouse lafumen
Aw dim larr?! Tout kalite dwòg kap fumen!
Ayisyen se pran'n pran! Poun sot nan sa son bon plan
Poun elabore, met jwa nan ke k pa kontan!
Nou deja pèdi 1 bon tan,kounya l lè poun di bon sang!
Fout mande tèt nou eske'n anfòm nan moman an?!!

[Refren]
Ayisyen k nan Miami m' yo
Dim koman-nou-ye
Everything is ok, nap bouleeee!!
Ayisyen k nan st domeng yo,dim koman nou ye?
Mw mande sak pasee??
Nap boulee!!
Ayisyen ki nan gettho m yo
Dim kòman nou ye?
Everything is ok??
Nap boulee!!
Refijye ki san papyem yo
Dim koman nou ye,
Mw mande'n sak pasee???
Nap boulee!

Ayisyen tout kote pwoche vin dim koman nou ye...
Aprèsa tout sak pase ki leson nou tire?!
Nou wè kraze brize boule pap mennen'n pyès kote,
Si tout bon'n vle avanse annou ret konekte...

[Fthewinner]
Lè'm di kòman nou ye, ayisyen nan dyaspora yo pè reponn!
Poutan lè'n gon problem ayiti,se yo ki reponn!
Nan fredi ou pa, gen sak nan peyi blan an kap fè 2 dyòb la!
Chak mwa en ayiti pou yo voye ti kòb la!
Genyen tou menm peyi a yo pa konnen
E sak anvi vini, press entenasyonal kraponnen!
Malgre pwa yo peze, Ayiti yo still paka vote!
Poutan plen sak gen kapasite k ta vle patisipe!
N'aplodi esplwa yo deyò, lakay nou ba yo baryè!
Li lè poun fikse priyorite'n, ann sispann gad dèyè!
Malgre'n nan soley cho peyi nou nap boule
Fo'n inifye'n lèm mande'n sak pase, poun reponn nap boule!

[Orphelin]
Sevre problem yanpil,se mwen avew kap rezoud yo!
Si wout la difisil, ann kole tèt poun chanbe yo!
Al pou kow si ou vle ale vit...men
Ann met tèt ansanm si ou vle al pi lwen!

[Refren]
Ayisyen k nan Miami m' yo
Dim kòman-nou-ye
Everything is ok, nap bouleeee!!
Ayisyen k nan St Domeng yo, dim kòman nou ye?
Mwen mande sak pasee??
Nap boulee!!
Ayisyen ki nan gettho m yo
Dim kòman nou ye?
Everything is ok??
Nap boulee!!
Refijye ki san papyem yo
Dim kòman nou ye,
Mw mande'n sak pasee???
Nap boulee!