M'ap Viv • Mass Compas

ADDED BY TIZER (APR 20, 2015 AT 11:12 AM) 14,649 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2004

[Intro]
En tant que Président du Compas Sweet Micky, décide aujourd’hui vous remettre les clefs de la ville et de vous officiellement surnommer Gracia Delva, Mass Compas. Fait au Palais Nationale en 200ème de l’Indépendence.

[Verse 1]
Isi ba pa gen anyen k fasil
Lemond pa janm fè kado
Lè pwoblèm yo monte nan do
Fòk ou fè moral ou byen wo
Pou demen w pa tonbe nan dlo
Move je ki pa vle w grandi
Ap tann ou tonbe pou yo ka ri n
Mèsi Bondye mwen nan peyi m
Pa gen presyon, m’avèk zanmi m
Chak jou lanati ban m feeling

[Hook]
Vole wo n’ap viv, n’ap viv, n’ap viv
Chililing chililing chililing
N’ap viv, n’ap viv
Vole wo n’ap viv, n’ap viv

[Verse 2]
Eksperyans lavi mennen m bò isi
Fò m di Bondye mèsi paske m ankò an vi
Lè m rete mwen gade fanmi m ak fanatik ki pa janm trayi m
Mwen jwenn plis rezon pou m pa janm febli
Gracia Delva Bondye k fè m konsa (Gade m)
Mwen pa pè soufri e m’renmen lavi
Misyon pa m se pou m reyisi
Chante lavi m san kachotri, fè plezantri
Fè moun souri

[Hook]

[Horns]

Alo Gary Mazaka, flannè vil la nèt ale
M-A-S-S, Mass Compas

[Guitar solo]
Epi men djaz la
Bèl djaz, bèl djaz
Devan devan nèt, nèt ale
Mass Compas
Ein hein, staff 9 milimèt la, anba pye bwa a
Junior Port de Paix men konpa

[Keyboard solo]
Mass Compas move
Mass Compas mechan woy
Manman montre m papa m non
Où est la?
Yo mele vre
Achte tikè w

Yo make it
Make it yo
Make it (3x)
Make it yo

[Verse 3]
Chak moun gen yon fason pou defann pèsonalite l
Menm si sa ka fè zòt fache – Men pawòl la
Fè maldedve menm tire pye – Men koze a
Se sa ki fè m toujou kenbe moralite m
Menm si zòt ap filozofe – Men pawòl la
Sa pa anpeche l anbete – Men koze a

Li di l pa anyen men l plenyen

[Chorus]
Mèsi Bondye ki ban m kouraj pou m sipòte tout sa k rive
Mèsi Bondye ki ban m kouraj pou m ka chante

[Verse 3]
Chak moun gen yon fason pou defann pèsonalite l
Menm si sa ka fè zòt fache – Men pawòl la
Fè maldedve menm tire pye – Men koze a
Se sa ki fè m toujou kenbe moralite m
Menm si zòt ap filozofe – Men pawòl la
Sa pa anpeche l anbete – Men koze a

Li di l pa anyen men l plenyen

[Chorus]
Mèsi Bondye ki ban m kouraj pou m sipòte tout sa k rive
Mèsi Bondye ki ban m kouraj pou m ka chante la verite

[Keyboard solo]
M-A-S-S, Mass Compas
Oh oh, oh oh
Miami I miss you too
Olivia
Oh oh, oh oh
Gino Mango, yo di w pa anyen nan djaz sa a…se vre?
Oh oh, oh oh
Petite Rivière L’Artibonite, men bagay la

Oh oh oh
Chililing chililing chililing

[Outro]
Men ti medam Miami yo – N’ap viv
Men ti medam à Paris yo – N’ap viv
Men ti medam Haiti yo – N’ap viv
Men ti medam Montréal yo – N’ap viv
Kot medam nan peyi m yo – N’ap viv
Kot medam bikini m yo

Nan moman an, Ayiti ap byen jwenn
Tcha tcha