Nou Pa Pè • System Band #1

ADDED BY TIZER (APR 15, 2015 AT 9:01 AM) 24,407 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Nou Pa Pè
Year: 2015
Lyrics by: Isnard Douby

[Intro]
Apre Bondye nan syèl la, nou pa gen anyen nou pè
Nou pa gen anyen nou pa ka fè
System Band #1

[Verse]
Nou se solda, toujou à l’avant garde
Nou nan lagè, nou pa ka dezète
Chwal nou sele, nou kriye “en avant!”
Rejiman nou solid, n’ap pot laviktwa

[Hook]
Konpa se nan men n li ye (en hein)
Kaliko blanchi nou pap ret sou wout ou
Mennen n ale n’al fè regleman nou
Je fèmen n’ap traverse
Nou pa pè, nou pap janm pè
Konpa dirèk se nan san n li ye
Mennen n ale n’al fè regleman nou
Je fèmen n’ap traverse

[Verse 2]
Nou bwè dlo nan sous konpa
Lakansyèl gen 7 koulè
Nou chwazi koulè wouj paske se li k pot laviktwa
Nou pa pè chay, si chay la lou n’a woule l
Nou loveye nan Nòde
Grann o, Grann o, nou pa pè

[Bridge]
System Band jiska lamò
Nou solid nou pa bezwen ranfò
Nou anlè, n’ap gad anba
Konpa dirèk nan pèn byen fon
Eprèv pa fè nou pè
Sobo nou la e
Roi des Iles, nou fout granmoun oh

Men premye ploton an debake

[Guitar solo]
Mezanmi men moun yo
Ti Marco Danger ha ha ha ha
Plus par plus donne plus

[Horns]

Non nou pa pè (Pale avè yo)
Se bon sèvitè nou ye (Ein hein)
Menm lè beton an cho n’pile l
Pa deranje n nan sa n ye la a

[Verse]
Azakou Yawe, y’a wè nou – Nou pa pè
Poto mitan kay la soude, wa di yo – Nou pap janm pè
M’di Grann o, Grann o pale yo pou mwen – Nou pa pè

[Chorus]
Sa k gen la a?
Dèyè mò n gen mò n
Sa k gen la a ankò?
Fè koupe fè
Sa k gen la a?
F’òw gen baton pou rantre nan won

Apre Bondye nan syèl la,
Nou pa gen anyen nou pè
Nou pa gen anyen nou pa ka fè

Ha ha ha ha
Mache (rpt)

[Keyboard]
Mwen menm…
Casa Major, e nan sa w ye la a

[Verse]
System Band lan s’on referans
Espirasyon nou sot nan rasin nou
Degre nou wo nou wo nou wo
Nou pap janm fin travay pou yo
Gad’on chay

Non nou pa pè
Se bon sèvitè nou ye
Menm lè beton an cho n’pile l
Pa deranje n nan sa n ye la a

Nou se kiyè bwa, nou pa pè chalè

[Outro]
Saint Nicolas papa, soleil de justice, fè m jwenn justice mwen non
Ahhh... Roro fè l deja
Mezanmi gad’on djaz, gad’on groove
Ha ha ha Shabba fè sa a tou wi

Apre Bondye nan syèl la,
Nou pa gen anyen nou pè
Nou pa gen anyen nou pa ka fè

Ha ha ha ha, ou wè sa a, yo poko fèl
E vre? Al kwè sa