File'm An Kreyòl • Sherlee Skai

ADDED BY DIDIER (APR 7, 2015 AT 11:07 PM) 33,692 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2015
Featuring: Princess Eud
Produced by: Andy Barrow
Lyrics by: BIC | Sherlee Skai | Princess Eud

File'm an Kreyòl
An Kreyol

Flè roz rouj pap ranplase flè dizè
On fwa pou tout m'ap fè limyè pou tout tizè
Si wap chèche wout kè'm pa pase anlè
Solèy an Ayiti gen pi bèl koulè
Mwen konn zanana mwen konn Sizann
Mwen pap pran te chinwa pou tizann
Anba nèg ki gen dyòl dous fanm antrave
Ou pa bezwen entèlektyèl pou fè'm bave
Fè'm bliye kijan pou'm ekri non'm
Si'w se yon vrè nonm

File'm an Kreyòl
An Kreyòl han an
File'm an Kreyòl
An Kreyòl

Koze avè'm an kreyòl, pete'm
Banm pawòl banm parabòl, bote'm
Pase ti plim pou'l andan zorèy mwen
Pale pou'l reponn mwen nan zotèy mwen
Fè dlo ko'm benyen ko'm
Banm lonbraj pye bwadom mwen
Fè'm wè tout koulè lanmou pal ou fonse
Lanmou an Kreyòl pa nan pale franse

File'm an Kreyòl
An Kreyòl han an
File'm an Kreyòl
An Kreyòl

Tankou chale te jenjanm met andedan'm
Se konsa m'vle pawòl ou vibre andan'm
Fòk liriks ou fè'm pi dous ke plezi kabann
Pran plis tan koze ak lespri'm lè sa ma wè'w gen bann
Pran tout tan pou dekri kalite'm an tan ke fanm
Fè fòs pawòl ou vibre'm souke tout andan'm
Fè'm bliye ko'm
Fè'm vini san zatann
Ou sanble'w gou woy m'paka tann
Pou w'ap explike jan'w anvi'm san'w pa gate san'm
An telman sonnen byen an ka mande'w pou nou viv ansanm
Neganm palake'm nan jagon neg Okap tanpri fè'm ri
Si'w di w'anvi koke'm an verite
M'ap kite'w fè'm li wi

File'm an Kreyòl
An Kreyòl han an
File'm an Kreyòl
An Kreyòl

Si'w vle fè'm damou san reflechi
Make yon teritwa ou sèl ka jwi
Si'w vle gen kontwòl sou konsòl mwen
Sel kapitenn sou bato mwen
Si'w vle jwenn kle yon ti pòt ou menm sèl ka rantre

File'm an Kreyòl
An Kreyòl han an
File'm an Kreyòl
An Kreyòl

File'm nan lang manman mwen
Si'w vle rive pran lang mwen
Fè'm dous fè'm swe san rete
Mennen'm male kote ou vle