Pou Tize Rap Yo • JP Krusha

ADDED BY DIDIER (APR 6, 2015 AT 8:14 PM) 19,338 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: JP Krusha

[Ves 1]
Anpil nan yo still ap veye ki jou pou karey’m kaba.
Si se sa w panse nivo mantal ou ka ba.
Dejou an jou rim mwen pi nice yo still gen pwoblem 4 ba.
Kounya m konpwann pouki yo hate JP Krusha.
Koz pi bon zanmi ‘m sou te a , se yon plim ak yon fey papye.
Nan yon mond enspirasyon man , ke mwen pakouri pa pye.
Ki rann mwen dekouvri sa rime , ak ekri rap ye.
Le ‘ m rime M rape , pou’m kenbe siskse ra pye.
Koz le ‘m pale twop verite , yo di sa ‘m ekri se rim haine.
Le’ m rap fok ou tande , menm le zorey ou plen serimenn.
Koz mwen black epi ‘m rape, Nou pwal di ‘m pwan drug kom se rimen’n.
Men ‘ bliye le ‘m ekri , M fe’n echape yon seri penn.
Anba fake producer k’ap monte online pou vole beat.
Melanje ak pil rape nan game nan ki fwenk idantik.
Plede fe bri sou beat, tande pe la non bann dan tik.
Fe beef adwat agoch tout gen foli fe polemik.

[Refren]
M fe hip-hop pou neg anwo.
M FE hip-hop pou neg anba.
M fe hip-hop pou tout geto.
M fe’ l pou rak bwa e Mwen fe ‘l pou tize rap yo.

[Ves 2]
M pwan kontwol rap la, Gade w met rele m satelit.
M konn tout rape ki wack, E mwen konn tout sa’t elit.
Le ‘m lage yon track tout aparey jwe’m ret sou repeat.
Le ‘w lage pa ‘w yo peze stop, koz menm intro w offbeat.
Pa pwan konpare’n ou déjà we non m pa nan league ou.
JP Krusha jame nom m pap nan league ou.
Mizik mwen nan tout tanpan punchline dous pase plim poul.
Flow nasty pase tampon rape sezon ‘n pa nan menm poul.
Rap la gen twop Mc on top ki ta dwe pwan kane.
Yo pa menm ka eple yo vle rap yon paket Kalne.
Pwan Rap pou Ribambell Mc komik non la pa Telemax.
Fo w gen punchline e bel rim mo, pou w pwan premye plas.
Se sa ‘k fe anpil nan nou ret nan mele chen ak pis.
Nou tout bezwen grad tout neg vle pot nom atis.
Poutan neg ki ka rap nom yo pa jame nan rap lis.
Game nan plen Wanna be’s le w gade monche sa tris.

[Refren]
M fe hip-hop pou neg anwo.
M FE hip-hop pou neg anba.
M fe hip-hop pou tout geto.
M fe’ l pou rak bwa e Mwen fe ‘l pou tize rap yo.

[Ves 3]
Telman M marye mo yo ta dwe rele ‘m Pe JP.
Yo konn nan tout konteks neg ki konn teks yo pe JP.
Gen sa ‘k tande m , apre yo pwal di yeah m’ap fe Djole.
Avan’n pale tcheke statistik mwen non bann djol le.
Koz tout neg ke yo met , tout neg di ke yo chef .
Tout neg di ke real, men yo plastik an flesh.
Tout neg di ke yo hot, poutan kou nen chen yo fret.
Yon bann rape sezon k’ap rap avek batri yo feb.
Nan koze goumen pou grad sa , gen anpil nan yo’k viktim.
Pwan kouronn met sou tet boufon nou fe ‘l panse l se king.
Kom gwo nom tiye ti chen apre ‘n pwal di se krim.
Le karye ‘l fini na ba’l kredi tankou se fim.
Rap game nan a lenves devan pot tounen deye kay.
Youn di sa sot, poutan ‘l pi sot sa son tray.
Se menm kabrit tomazo yo , menm plim menm plimay.

[Refren]
M fe hip-hop pou neg anwo.
M FE hip-hop pou neg anba.
M fe hip-hop pou tout geto.
M fe’ l pou rak bwa e Mwen fe ‘l pou tize rap yo.