Chante Lanmou • Zèklè

ADDED BY TIZER (MAR 23, 2015 AT 4:21 PM) 19,071 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Shap Vol 1
Year: 1988
Produced by: Mushy Widmaër
Lyrics by: Ralph Boncy

[Verse 1]
2 timoun ki grandi lan lakou kay yon vwazin
Tankou 2 kouzen, kouzin
Tonbe damou lan rara Leogane kou 2 vaksin
Men lanmou yo pran rasin
Lavi pa dous pou timoun peyi Dessalines
Karès ap fè mizè pase kou Siroline
Desten nou toujou kache yon sekrè yo pa di n

Wolololoy
Welelelele

[Verse 20
Chante lanmou, bèl pawòl ki karese move jou
Fòk nou konn tande you tou
Oh 2 timoun, sèmante pou yo pa janm separe
Men lanmò separe yo
Chak jou ki jou nou tout ap chèche paradi n
N’ap goumen pou nou viv men malè pa preveni n
Desten nou toujou kache yon sekrè yo pa di n

[Bridge]
Pa chache mete plis pase sa ki genyen
Pa janm konnen sa ki sere pou nou demen
Ou menm avè m pat chwazi pou n te men lan men
Desten nou toujou kache yon sekrè nou vle konnen

Wo… nou vle konnen o

[Hook]
Viv pi pre m, kenbe men m, ret avè m
Demen ka pa pou nou (2x)
Kenbe men m, demen ka pa pou nou

Wo…si m pa ka mennen w cheri nan syèl
N’a rete sou lakansyèl o
Kenbe men m, demen ka pa pou nou
Yon ti ba, yon karès, yon pawòl dous,
Lavi ka bèl doudou
Kenbe men m, demen ka pa pou nou
Pa kite seren mouye ti lanmou sa a,
Se pa desten nou sa
Kenbe men m, demen ka pa pou nou

[Hook]

[Bridge]
2 moun kap fè le tou dimond pou yo renmen
Pa janm konnen sa ki sere pou nou demen
Desten nou toujou kache yon sekrè n’pa konnen

Wolololoy
Welelelele

[Hook]
Viv pi pre m, kenbe men m, ret avè m
Demen ka pa pou nou
Kenbe men m, demen ka pa pou nou

Wo doudou, wo doudou, kenbe men m cheri

[Hook]

[Vocalizing]

[Hook]

Wo…an nou chante lanmou (2x)
An nou chante lanmou

[Hook]