M'ap Swiv Jezu • Wiseman Dchosen1

ADDED BY DIDIER (MAR 19, 2015 AT 12:13 AM) 9,248 VIEWS EDIT

Genre: Gospel
Year: 2015

Pa gen kondanasyon...
Pou moun ki nan Jezu....

[Chorus]
Mwen met perdu tout sa m’genyen mwen di
Fanmi zanmi te met banm do mwen di
Ou mèt pale’m mal met kritike’m mwen di
Pèsonn pa fem fe bak pou tout lavim map swiv Jezu 2x

Pa gen kondanasyon mwen di pou moun kin nan Jezu
Wap toujou jwenn pesekisyon depi ke w’ap sevi Jezu
Tout delivrans e tout viktwa mwen di yo tout yo nan Jezu (hey)
Se le’w nan Jezu sèl pou we ke si’w te gen zanmi
Se le’w nan Jezu pou wè ke si’w te gen fanmi
Si le’w nan pwoblem pou we si’w te gen moun ave’w
Pot fado’w yo bay Jezu paske li pap janm refize’w
Kot madanm ap divose’w mwen di Jezu pap divose’w
Kot mariw ap divose’w mwen di Jezu pap divose’w
Kot zanmi ape ba’w do mwen di Jezu pap janm ba’w do
Depi’w chaje e fatige bay Jezu ou met pote fado’w yo

[Chorus]
Mwen met perdu tout sa m’genyen mwen di
Fanmi zanmi te met banm do mwen di
Ou mèt pale’m mal met kritike’m mwen di
Pèsonn pa fem fe bak pou tout lavim map swiv Jezu 2x

Frem ak seum ki nan Kris frem ak seum ki nan soufrans
Ou menm ki nan kris kap soufri avek pasyans
Konn byen se nan Jezu ke w’ap jwen’n tout delivrans
Menm le ke’w w’el fe nwa
Mwen di’w piga’w perdu lafwa
Wi bon Dieu gran li konn fe mal tounen byen
Rekonpans la se nan Jezu toujou kontinye fe byen
Le mond met di tout sa yo vle yon jou Jezu ap retounen

[Chorus]
Mwen met perdu tout sa m’genyen mwen di
Fanmi zanmi te met banm do mwen di
Ou mèt pale’m mal met kritike’m mwen di
Pèsonn pa fem fe bak pou tout lavim map swiv Jezu 2x

[Chorus]
Pa met espwa’w nan lezom ni met konfyans nan lezom
Pa rakonte lezom afe’w ni di lezom tout afe’w
Demen se ou kape kriye e wap di sa’w fe w’ap peye
Mete jenou’w ate epi mande Bon Dieu sekou
Veye priye e priye chak jou
Mwen menm mon fre mpriye 3 fwa pa jou
Si ou kapab priye 7 fwa pa jou
Leve demen’w anle epi mande bon Dieu sekou

[Chorus]
Mwen met perdu tout sa m’genyen mwen di
Fanmi zanmi te met banm do mwen di
Ou mèt pale’m mal met kritike’m mwen di
Pèsonn pa fem fe bak pou tout lavim map swiv Jezu 2x