M'anvi Fè'l Avè'w • Izolan

ADDED BY VONSHI (MAR 15, 2015 AT 6:30 PM) 42,140 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Mikaben
Lyrics by: Izolan

[Intro]
Hey hey
Oh yeah o yeah
Mikaben Izolan
Fanm sa pwoblèm – wi n abitye avè yo wi
Men map fèl kanmèm – oh wi
Mika m oblike pran pasyan wi – fa sho
Chante pou yo non

[Refren - Mika]
Kite’m pase wè’w
Tanpri louvri kèw
Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw
Fè lanmou avèw plezi m anvi baw
Sam konnen m anvi fèw wa
Kite’m karese’w
Cherie ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite’m dòlote’w
Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou
Kite’m pase wè’w

[Verse 1]
M anvi manyen’w kite’m pran swen’w
De men’m sou ren’w, bouje ren’w
M anvi fèw jemi, fè tout kòw fremi
M anvi bòw plezi, vle fèw jwi lavi
Cherie m anvi gide’w vire’w tankou lè’m sou gidon
E trete’w tankou ti bebe vini pou’m baw bibon
Aswè a m pap fouti dòmi depi’w pa bò kote’m
Tout bèl rèv mwen konn fè yo si’w pa la yo tout ap bòykote’m
Kite Izo baw love san ou map chòv
Kite lanmou nou dechaje tankou kanach nikòl
Mpap baw manti cherie m pa vle ou pou zanmi
Mwen plis wè nou ka bati on fanmi

[Refren - Mika]
Kite’m pase wè’w
Tanpri louvri kèw
Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw
Fè lanmou avèw plezi m anvi baw
Sam konnen m anvi fèw wa
Kite’m karese’w
Cherie ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite’m dòlote’w
Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou
Kite’m pase wè’w

[Verse 2]
Cherie kisa pou’m fè ankò pou’m posede’w
Mwen pare pou’m fè tout sam kapab bebe pou’m pwoteje’w
M anvi pran’w pou m’ mennen’w vire
Pran’w pou m fèw vwayaje
Pran’w pou mwen fèw ponpe
Pran’w pou m fèw depale
Mwen gen lontan m t’anvi di’w lanmou k nan fon kèm
Menm lè m pat fò lekòl cherie pou ou m pral di powèm
Respire’m bèl pawòl m vle fèw pèdi kontròl
M vle fè tèt ou vire tou won tankou w te bwè alkòl
Lèm pa wèw m pa tande’w m santi m pa an jwa
Li te mèt gwo solèy mwen santi’m nan fè nwa
Fanm sa pran tèt mwen jiskaske mwen santi’m an danje
Tanpri Mika bal yon bridj pou mwen ka soulaje

[Bridge]
Jan wèl la sanble se menm mizè a nap pase
Je fè yon pakèt efò pou manzè ta banm on ti bò
Siw wè sa, map fèl kanmèm li te mèt fè sa’l vle
So cherie ou mèt ouvè kòw baby ou mèt ouvè kòw

[Refren - Mika]
Kite’m pase wè’w
Tanpri louvri kèw
Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw
Fè lanmou avèw plezi m anvi baw
Sam konnen m anvi fèw wa
Kite’m karese’w
Cherie ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite’m dòlote’w
Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou
Kite’m pase wè’w
[2x]