Se Konsa • Dat7

ADDED BY GEN11 (MAR 10, 2015 AT 8:35 PM) 45,485 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015
Produced by: Harold "Ti Harold" St. Louis
Lyrics by: Ricot Amazan (Ti Tanbou)

[Intro]
Dat7

[Verse 1]
Kenbe men l’ diw renmen’l chak jou
Chak minit ba’l yon flè fè’l fou
Si se pat li w’ pa tap janm pran gou lanmou
Di’l se li ki fè kèw bat fò
Kijan lanmou pou li trè fò
Pa kache santiman’w pou yon fanm ki chè pou ou
Di’l pou ou se li ki pi bèl
Ou pap janm devalorize’l
Se tout ti jès sa yo ki ka fè kè li fleri yeahh
Di li l’ se tout sa k’ fèw souri
E promèt li ou pap fèl soufri
Pa kache sa’w santi pou yon fanm ki chè pou ou

[Chorus]
Se konsa se konsa – ou trete yon fanm ke’w renmen
Se konsa se konsa – fè tout sak bon pou’w toujou la
Se konsa se konsa – imajine’w kap fè’l rele ou la la la la
Se konsa se konsa – se konsa se konsa

[Verse 2]
Mwen menm mwen gen yon fanm m renmen
Mwen satisfè’l ak sa’l renmen
E mwen make sure ke’m asure’l ak asurans lanmou oh
Ti pam nan mwen fè kè’l kontan
Nou pataje menm santiman
E mwen swete pou lanmou sa rete soude
Ohh

[Chorus]
Se konsa se konsa – ou trete yon fanm ke’w renmen
Se konsa se konsa – fè tout sak bon pou’w toujou la
Se konsa se konsa – imajine’w kap fè’l rele ou la la la la
Se konsa se konsa – oh oh oh

[Bridge]
Pa janm fè rezèv lanmou pouw pa regrèt demen
Ti tan wap viv la profite ak yon moun ou renmen
Se pi movèz erè ou ka komèt nan vi’w
Si’w renmen vrèman renmen nèt ale wap renmen vi’w

[Keyboard]
Oh (Repeat)
Dat7
Stay tune we’ll be right back

One kiss ka defini tout sa ki nan kè ou – ke ou santi
One kiss ka fèw sove yon kè k’ atriste k’ abandone
Siw fèl konsa wap genyen kè li
Siw fèl konsa lap wèw fou pou li
One kiss ka fèw renmen renmen tout bon pou demen
Ouh one kiss ka reyini yon fwaye ki dezini uni a lenfini
Siw fèl konsa wap genyen kè li
Siw fèl konsa lap wèw fou pou li

Cherie ou wè jan m’ renmenw lan se konsa m pral renmen’w nèt
Epi Dat7