Depozit • Dat7

ADDED BY TIZER (MAR 10, 2015 AT 8:22 PM) 23,001 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2015
Produced by: Michael Bellevue
Lyrics by: Ricot Amazan (Ti Tanbou)

[Intro]
This is what I do best
Yes, Ti Tanbou all in your chest

[Verse 1]
Yon maten w leve, ou gen yon plan pou t’al egzekite
Tout sa w fè, pa mache
Eske w’ap fache, dekouraje?
Ou ta menm panse ou marye ak devenn
Kòt ak kòt ak mizè, w’ap mache ou pa ka separe
Oh oh

[Chorus]
Mwen di non non, non non
Non, non pa gen sa pyès

[Verse 2]
Konn yon machann chabon,
Bò lakay mwen k konn di m lè sa pa bon
Yon jounen anyen pa vann, men l pa janm dekouraje
Mizè pap fè l rantre nan kout mal taye
Lavi a bèl, konsa l konn lèd
Sitou lè w pa konn pou pran remèd
Non non

[Chorus]
Mwen di non non, non non
Non, non pa gen sa pyès

[Ti Tanbou]
Mezi pye m pa fasil
Ha ha ha ha ha
W’ap chèche l
Turbo Orlando
Ti Mario Viau, ede m di yo
Yo pap sis

[Keyboard solo]

Se lè w pa ka kreye w’aksepte
Men domaj

[Hook]
Depi w pa manyen afè moun ou ka pran risk
Ke w vann manje ke w’al vann dlo
Tout se biznis

[Verse 3]
Pasyans ak detèminasyon ka fè w chanpyon
Just kwè nan tèt ou jiskobou, l’ap mache pou ou
S’on desizyon ak yon vizyon ki fè on aksyon
Machann chabon, machann pèpè, kenbe la just do it

Bon se mizik mwen konn fè, se li m’ap kontinye fè

Woy Dat7, nou fè k fè deposit wi
Nan kont an bank pèp la
Levelt

[Guitar groove]

Ti-ti Ti Tanbou fè deposit

[Rap - Ti Tanbou]
Vann kenèp, zaboka pou pitit al lekòl
Pa gen danje, just do it
Menm si yo pale w mal, gade w mal
Fè tout sa w gen pou fè
Pa gen danje, just do it
Mwen di pa gen so metye, pa gen so metye nan lavi sa a
Pa gen danje, just do it
Fòk ou travay di pou ka reyisi nan lavi sa a
Pa gen danje just do it

Woy Dat7, nou fèk fè deposit wi

[Guitar solo]

[Rap Ti Tanbou]

[Keyboard solo]

Chofè kamyonèt, chofè motosiklèt mwen yo
Kenbe la pa lage

[Hook]

Tout se biznis
Marco Antonio, jwèt pou ou papa