Tout Sa M' Ye • P-Jay

ADDED BY MASAKADIE (FEB 20, 2015 AT 4:31 PM) 23,852 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: The Lovers Tape 2
Year: 2015
Featuring: PhatG
Produced by: PhatG
Lyrics by: P-Jay

P Jay Boy
Hey yo Phat G
We got another one

Ou se ti kè mwen
Tout vi mwen
Ou se zantray mwen
Ou se tout sa m’ ye
Se ou ki souf mwen
Bèl ti boubout mwen
Ti batman kè mwen
Ou se tout sa m ye

M pa bezwen viv si fò’m viv san ou
Nan kè’m m santi on vid san ou
M poze tèt mwen kesyon sa pou’m fè san ou
Sèl ou menm konplete’m sa pou m’ fè san ou
Ou se fòs mwen e wi se ou k feblès mwen
Piès mwen, yes mwen, m bese’m devan metrès mwen
Best mwen wouh, sèl ou k ka wete stress mwen
Vieyès mwen, fè m pa ka kenbe jenès mwen
Ou se sèl mwayen pou defini’m
Jwe wòl ou si bien pa bay mwayen pou vie fi nie’m
Map fou pou ou baby pa doute
Lè lòt neg ap file’w promèt mwen ke ou pap koute

Ou se ti kè mwen
Tout vi mwen
Ou se zantray mwen
Ou se tout sa m’ ye
Se ou ki souf mwen
Bèl ti boubout mwen
Ti batman kè mwen
Ou se tout sa m ye

Ou se pi bèl melodi’m pi gwo souf enpirasyon’m
Fèm vle bay mizik vag, pranw pou sèl okipasyon’m
Pi bèl fi k’ devan je m’ pil fi k’ vle manje’m
Se’l ou menm fè kè’m bat, ou se pik devan je’m
Ou se tristès e gete’m
E si m pa rann ou heureuse a wi menm Kris menm regrete’m
Sa toujou fè’m tris lè l’ di li miss mwen
Se li k ka panse kè’m bèl ti miss mwen
Fèm rele oh oh
Babygirl non mpa janm bò do oh
Ou se sèl fason pou yo idantifye’m
Yo te mèt menm met foto’w sou piès idantite’m

Ou se ti kè mwen wi
Pasyon mwen wi
Tout sa m vle baby
Ou se tout kè mwen baby
Ou se ti kè mwen wi
Pasyon mwen wi
Tout sa m vle baby
Tout sa m vle baby

Oh oh

Ti kè an mwen
Doudou an mwen
Ti boubout an mwen
Ti kè an mwen
Boubout an mwen
Ou se tout sa mwen posede
Tout sa mwen ye baby
Ou se tout sa’m ye baby