Ipokrit [kanaval 2015] • Zatrap

ADDED BY GEN11 (JAN 26, 2015 AT 10:01 PM) 20,366 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

[Timoun]
Dèyè pòt la
Gade anba tab
Ale anba matla
Chèche w’ap jwenn rat la
Ipokrit yo alawonyay la

[Refren]
He he nou mele
N’antoure ak ipokrit rat mòde soufle
Ipokrit he nou mele
N’antoure ak ipokrit rat mòde soufle
Yon ti kout dlo cho yon ti kout dlo frèt deye do m
Ou kriye jou dey ou konten jou fet ou kap blom
Yo tout se rat mode souffle
Se tanbou 2 bouda yo ye

[PASKAL]
Fo inyon avegle jeneralman inyoran
Pwotestan katolik nan legliz la deyò ou gwo ougan
Kòm si nan je sa ki wè ou pa tap toujou gwo ou gran
Solèy loryan klere yo wè w ipokrit karesan
N’ potre pè
K’ pote twèl fè
N’ pè
Menm sa k’ pa n’
Bòpè
Men papa n’
Fè pè
Ak move zafè
Apre m’ konn nou pral di zatrap radi zafè
Inosan m’ wet anba ipokrit move zafè.

[EMANOOX]
Je an nou toupatou nap veye yo
Se pa de tanbou 2 bouda ki anba po
Trèt yo la kòmsi yo pa la
Yap met ansanm yon jan pouw pran pakala
Men n’ap klike sou yo poun zoume yo
Idatifye yo pou’n mete yo sou men yo
Si’n kite zèb yo pami ble yo
Se yo kika koz danre nou pouse fo
Menm si yo di ipokrit se lizaj
Ase ak sa
Pou dirije fòw gen doub vizaj
Ase ak sa
Itilize pep la pou makiyaj
Ase ak sa
Koz vòt yo pase nan gaspiyaj
Ase ak sa

[LYWES]
Zatrap sal ye la
I ye i ye i ye i ye i ye

[REFREN]
He he nou mele
N’antoure ak ipokrit rat mòde soufle
Ipokrit he nou mele
N’antoure ak ipokrit rat mòde soufle
Yon ti kout dlo cho yon ti kout dlo frèt deye do m
Ou kriye jou dey ou konten jou fet ou kap blom
Yo tout se rat mode souffle
Se tanbou 2 bouda yo ye

[LYWES]
Gade m’ nan je ! gade m’ nan je
Gade m’ nan je si ou pa sa
Si w pa ipokrit danse sou pa sa
Fèzè ou pa ka taye banda
O ou bèdè lèdè ah ah ou sa
Te kwèw te di n’ ke ou pa sa
Nnh bèl dan pa di zanmi pou sa
Ale mennen vini sa bay traka
Wap koupe dread wap fimen bòz
Ou se ipokrit
Ou nan gouvènman wap pale l’ mal
Ou se ipokrit
Wap chanje koulè ou rayi milat
Ou se ipokrit
Ebyen zanmi ou se yon devan byen dèyè mal
Ou se ipokrit

[LEMEB / Ti Moun]
Tout manman konnen fè pitit pa dous
Pa gen madebat nan bay timoun yo tete
Pa gen madebat nan bay timoun yo vaksen
Pa gen madebat nan voye timoun yo lekol
Bay timoun yo tete
Bay timoun yovaksen
Voye timoun yo lekòl
Weeeeeeee

[PASKAL]
Ti mari wo ti mari wo
Ou wo ayayay
Ti mari wo ti mari wo
Ou wo ayayay
Ti mari kotew jwenn pawòl sa
Avan w pouse tete fò w pwele
Ki koze sa
Avan w pouse tete fò w pwele

[LEMEB]
Lè yo di byen an nou la nou la
Lè yo di mal la nou la nou la heeee
An verite m pap bese
An verite m pap bese devan moun sa yo nou la nap gade yo

[HOOK 2]
Palman kraze
Minis demisyone
Pèp la pran lari
Mista anvayi
Woy m pap pèdi manda mwen
Woy m pap pèdi pouvwa mwen
M pap pèdi peyi mwen
“Allez vou asseoir senateur oubien sortez”

[HOOK 2]
Palman kraze
Minis demisyone
Pèp la pran lari
Mista anvayi
Woy m pap pèdi manda mwen
Woy m pap pèdi pouvwa mwen
M pap pèdi peyi mwen
Mesaj a la nation…

[ERNESTO / Ti moun]
Pran bibon an
Ipokrit yo
Pran bibon an
Souf nan tyou
Pran bibon an
Kouto de bò yo
Pran bibon an
Raketè yo
Pran bibon an
Rat mòde soufle
Pran bibon an
Tanbou 2 bouda yo
Pran bibon an
Fo politisyen
Pran bibon an

[Timoun]
Dèyè pòt la
Gade anba tab
Ale anba matla
Chèche w’ap jwenn rat la
Ipokrit yo alawonyay la

[HOOK 2]
Palman kraze
Minis demisyone
Pèp la pran lari
Mista anvayi
Woy m pap pèdi manda mwen
Woy m pap pèdi pouvwa mwen
M pap pèdi peyi mwen
Mesaj a la nation…