Mwen Bezwen Yon Zam • Dug.G

ADDED BY MASAKADIE (DEC 1, 2014 AT 12:00 PM) 24,592 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Dug.G

[Koral]
Mwen bezwen yon zam ki ka konbat povrete
Bay timoun san zabri yo kote pou yo rete
M bezwen yon zam ki ka konbat koripsyon
Yon zam ki ka fe n vin yon nasyon

[1]
Yon zam ki pou detwi zam
Ki pou detwi zak
Kap febli n’ Kap fremi n’
Zam kap louvri lespei n’ blak
Yon zam kont povrete Kont grosyète
Kap asasine lamizè Kot pov rete
Wi m posedel men sosyete a vle dezame m’
A chak nivo m’ pran l’ vle degrade m’
Yon zam poum sove Ayiti Etyopi La Siri
Tout sa lavi avili
Yon zam poum brake bank kèkontan
Simaye l’ bay tout sa kap viv ak kwi li
Yon zam nan plas lanmὸ ki bay lavi
Chak fwam tire fow we paradi
Yon vaksen kont tout maladi
Kontamine w’ achak fwam ri
Chak pati met men nan men pou sak pati
Retounen sispan detounen fyète n’
Se toune n’ fὸ n’ sispan gounen
Kout pwen n’ bouke fè n’ divize
N’ sivilize men yo pi imilye n’
Minimize n’ itilize n’ mal
Jete n’ apre di y opa dirije n’

[Koral]
Mwen bezwen yon zam ki ka konbat povrete
Bay timoun san zabri yo kote pou yo rete
M bezwen yon zam ki ka konbat koripsyon
Yon zam ki ka fe n vin yon nasyon

[2]
Mwen bezwen yon zam se pa 9 milimèt
Poum brake sou tèt pou sa n’ bezwen bibliyotèk
Yon zam kap rafale drὸg konbat koripsyon
Fose n’ kostwi lekol
Yon zam ki gen katouch plon gaye lanmou
Zam limyè kap klere sou tenèb pou jaye gran jou
M bezwen yon zam tankou kadachnikὸv pasyonm gen pou rap
Kou zam lirik mwen krible medyokrite yo kou Pac
Yon zam ki rele konen fe jeyan bese kou nen
Sou bal kou lanbi k’ konen
Pou ja fout grandi monen
Nan pouch ou pou jere pwochen w’
An proch ou kon n’ pete koken
Le yo wew ap vanse le yo wew yap ranse
Sou wou pou blo repitasyon w
Tout kou pou blo meditasyon w’
Mwen bezwen yon zam zanj ki brake ak men demon
Yon zam tὸ ki tire katouch rezon
Zam male ki posede chajè lapè
E k’ pote bone pou sak pa fyè

[Koral]
Mwen bezwen yon zam ki ka konbat povrete
Bay timoun san zabri yo kote pou yo rete
M bezwen yon zam ki ka konbat koripsyon
Yon zam ki ka fe n vin yon nasyon

[Outro]
Mwen bezwen yon bonm atomik lanmou exploze sou tè
Yon zam tèt ansanm ki pou fèn yon nation
Revolisyon mantal la paka fèt san pasyon
An n’ sispan kraze brize an n’ sove Ayiti