Mwen Pa Chanje • Kowkow

ADDED BY DIDIER (NOV 23, 2014 AT 11:25 PM) 22,785 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Ciyou Paradoks

[Intro]
Ouuuuuuuu yeeeeahhhh oh ohhhh
Ciyou Paradoks
Nap KOWKOW NAN TET YO
Ciyouuuuuu, Yeahhhhh hiiiii
Nou Blow Up Wi Lahhhhhhhh
Youtube:

[Hook]
Non mwen pa chanje
Sa m te fè toujou briye
Sa m ka fè still ka bay dlo nan je
Non mwen pa chanje
Melodi mwen gen nan tèt mwen
Tankou yon sous dlo kap koule
E m pa vle,
Pou pèsòn moun panse ke chalè m ka bese
Paske m se,
Melodi, lyrics, flo ak tout sa music ye. (Ciyou Paradoks)

[Verse 1]
Tanpri soulve beat la
Sèvo m bezwon ti plas pou l apiye
Ide m tèlman bèl, beat la sedwi
Mo m mache tou abiye
Tout sa m fè se pou kòm
Nanm mwen son bout lò
Kounya tout fanm bezwon dan nan mwen
Tankou m son bout pòm
Men se pa fòt mwen si m chanje
Konnen byen fò m manje
Lè konsa m di an al non,
Pa gen danje
Toujou pare pou tou tou tout lè
Toujou prè pou kout lè
Kounya lè yo wè KOWKOW ap pase tout pè
Fò m di nou EGRI te vle mare m tankou adezif
Kounya m pete kaj, m vin pi fò, pi agresif
Yo di tout moun kire kont mwen
Kounya m pou kont mwen
Pandan pwodwi m ap vann
Lajan anbeli tout kont mwen. ( KOWKOW )

[Hook ]

[Verse 2]
Avan nou bouyi sèvo m
Make sure nou vante tèt mwen
M cho, limon vantilatè pou n vante tèt mwen
M se lavi ak pousyè, e matyè ki solid
Pou n tande bèl rim pa bezwen li gwo liv
M se kick, m se flo, m se beat, m se mo
Kounya vokab nwaye nan tèt mwen rim vide tankou dlo
M se solèy kap karese jounen pou nwit pa parèt
M se chou, m se tikouri tèt timoun ak barèt
M santi m non lòt nivo
M met rap kreyòl nan VEVO
E si w fyè dèske w Haitian
Vin achte rad ou nan PROUD NATION ( KOWKOW )

[Hook ]

[Bridge]
Non, non, mwen pa chanje
Se men m nan m toujou rete
Si w ta wè ou pa tande m
Nan vi plis prensip map mete (bis)