Sou Do'm • TPO

ADDED BY GEN11 (NOV 16, 2014 AT 6:09 PM) 37,223 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: T-Ced & TPO
Lyrics by: TPO

[Verse 1]
Chak fwa yo dim pa vini se lè sa m fè espre m parèt
M vire sou yo comme il faut paske m pi cho ke sigarèt
Lè’m te di yo banm respè’m yo te panse ke mwen tap jwe
Mizik mwen se cocaine ki fè tout tizer rap dejwe
M kalifie pou’m fè final pandan ou pap menm al nan baraj
Si motè rap ou pete monche fòk nou al nan garaj
Mwen fè je de mo pou jwèt pandan ou menm wap kraze kòw
Siw fè mizik pou diss mwen ou pap jwenn pèsòn kap sou bòw
Yo di’m tròp pou tè kounia e ke m pa pran rap pou anyen
Neg yo di ke yap fè hit men lè’m gade mpa wè anyen
TPO TPO se sa tout moun nèt ap mande
E si’w di kew poko wèm konnen’w pa konn gade tele

[Hook]
Moun ap pale sou do’m
Paske m pot rap la sou do’m
Si n avè m ann di oh oh oh oh
Sa se TPO oh oh oh oh oh

[Verse 2]
Plis pou mwen se mwens pou yo se sak fè yo bezwen kraze’m
Menm si yo ta vin yon pastè mpa kwè yap janm ka blaze’m
M se yon gid pou rap krèyol san mwen tout moun ap pèdi
Yo pap janm vin challenge mwen paske yo konnen yap pèdi
M met rekò m bat rekò jis pou prouve pa gen pase’m
Devan devan nèt tande pa panse nap ka depase’m
M pa menm bezwen fè djòlè pou map di ki mak ki sou mwen
Depi’m monte sou yon stage tout moun nèt bat bravo pou mwen
Mpa kanpe sou beef pèsòn, m pito swag avèk lajan
Se plis lò mwen met sou mwen nigga, mpa vrèman met ajan
Neg yo ap di ke yo fre pandan mwen menm m fè glase on tan
Chak grenn punch line mwen lage kounia fè kè pèp la kontan

[Hook]

Yeah yo te met pale wi sou do, map still la pi rèd

[Hook]