Madanm Mwen Ansent • Roodyman

ADDED BY ZOKLO (NOV 3, 2014 AT 6:56 PM) 26,385 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Manno Beats
Lyrics by: Roodyman

Roodyman
Papa, papa
E yo Manno Beats banm on ti volume pou moun yo ka tande bien sa m’ pral di la

[Verse 1]
Mwen ak fanm sa nou fet nan menm ane
Nou grandi nan menm katye
Nou te konn fè ti jwet manman papa a de
Pran plezi nou nèt ale
Mwen pap pè di’l se mwen k’ pèdi’l
Te gen anpil moman difisil
A 20 an nou kòmanse fè bon renmen
25 an nou marye met bag nan men
Aprè mariaj doktè di madanm pap ka ansent
Bagay sa genlè pa senp
Un an pase sa pa mache
Apre de zan, m wè vant madanm ap monte

[Refren]
Madanm mwen ansent (3x)
Mezanmi sa fè kèm kontan
(2x)
Oh la oh la oh (4x)

[Verse 2]
Kounya map chanje paj nan lavi
Paske mwen pral yon papa pitit
Kounya mwen pral travay pi di
Poum okupe madanm pitit
Aprè sonografi doktè dim se yon pitit gason
Sèl sam konnen ti fi a dèyè de tout fason
Mwen Roodyman pral papa wi m’ poze tèt fret
Lè madanm pouse bebe sa wi se pral fèt
Tout fanmi motive, pa gen kote pou met lèyèt
Bwat lèt se pa pakèt, kraze m kraze makèt
Manno Beats, Pipo beats gentan ap mande parenn
Mwen pa tande m pa wè, nan bouch mwen s’on sèl refren

[Refren]

[Verse 3]
9 mwa fè sa’l rive, madanm gentan ak tranche
Kouri al lopital pitit mwen pral pouse
Mwen pa ka tann ankò, pasyans mwen pa ka tann ankò – pouse (2x)
Ok, mèsi Bondye,
Oh, cherie sak rive la?
Bon nou tou lède nwa e timoun nan koulè sa
Ah non se pa mwen Roodyman ou ta fè sa
Jan ti po’l jòn la, ou pa ta di se pitit Tijo
Gad jan cheve’l siwo tankou se pitit Roberto
Ti figi’l long, ou pa ta di se pitit Mika Ben
Ti zorèy li kanpe fòw ta di se pitit MacD
Li gen sousi kontre tankou se pitit Ti Mario
Ti Bout ponyèt li ou pa ta di se pitit Christopher Laroche
Li gen zye chat tankou se pitit Richard Cave
Sou fòm pye l, ou pa ta di se pitit Gio K.

[2me Refren]
Pitit la pouse (3x)
Mezanmi se pa pou mwen’l ye
(2x)
Oh oh oh oh (4x)