Sa Poun Fè • Mizik Mizik

ADDED BY TIZER (OCT 2, 2014 AT 8:58 AM) 22,811 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Blakawout
Year: 2000
Produced by: Fabrice Rouzier

Si lavi ap dekouraje w - sa pou n fè
Bagay yo vin du pou ou - sa pou n fè
Lafanmi dekouraje - sa pou n fè
Lakay pa gen lamanjay - sa pou n fè

Ah...gen de bagay ki soti pou l dekouraje w
Yon pè de famiy leve maten l pa gen travay
Sa pou l fè, lakay pa gen lamanjay o
Mezanmi...ah madanm pitit leve chak jou pou bay manje
4hr du matin w leve w pa gen dòmi nan je
Sa pou fè, lamizè janbe limit

Lapli pa tonbe, jaden pa pouse
Mayi pa leve, menm pitimi pa donnen
Menm lè lapli tonbe jaden pa janm pouse
Tout bon tè k nan mòn yo glise tonbe nan lanmè

Ah... gen de bagay ki soti pou l dekouraje w
Yo pè de famiy leve maten l pa gen travay
Sa pou l fè, lakay pa gen lamanjay o
Tande sa, ay madanm pitit leve chak jou pou bay manje
Lè l 4hr du matin w leve w pa gen dòmi nan je
Sa pou fè, lamizè janbe limit

Sa k dekouraje di sa pap janm chanje
Yo prese pran lanmè pou yon demen meyè
Ou koz fwaye kraze, fanmi deraye
Bagay yo dejenere, mezanmi sa pou n fè wo

[Toto Laraque]
M'santi s'on plat diri m'ap manje pa bak
Ti mayi moulen m nan, vide sòs pwa sou li

Woy woy
Simbi nan dlo kote ou ye? Banm fòs poum naje
Woy woy
Jigoro Kano kote ou ye? Vin mare senti mwen
Woy woy
Sen Michel Akanj kote ou ye? Banm zèl pou m vole
Woy woy
Papa bondye kote ou ye?

[Guitar solo - Toto Laraque]
Men Toto, men Toto
Men gwo Toto

Mizik Mizik
Woy woy

[Rap]
Konbyen babilòn ki genyen nan polis la
Konbyen “j'approuve” ki genyen nan lachanm la
Ki valè kleren ki rete nan boutèy la
Konbyen dayiva ki genyen sou bòdmè a
Lanmè a fon e mwen paka naje
Chaje reken mwen pa kwè m'ap sove

Konbyen babilòn ki genyen nan polis la
Konbyen "j'approuve" ki genyen nan lachanm la
Ki valè kleren ki rete nan boutèy la
Ki valè moun fou k’ap dirije lazil la?

Sa pou n fè (4x)

Woy woy