Ou Pa Merite Mwen • Roody Roodboy

ADDED BY MASAKADIE (SEP 29, 2014 AT 9:40 PM) 36,333 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Shishie

Yo yo
Hey
It’s Roody Roodboy

[Verse 1]
Pouki se lè m’ pa la ou konn enpòtans mwen
Poutan lè m’ te avèw ou pat banm chans mwen
M’ pa kapab ankò m’ repran plas mwen
Pa vin di’m anyen

[Chorus]
Ou pa janm sispann fè dlo kouri nan je mwen mwen bouke
Ou pa bezwen vin dim anyen mwen pap tande’w ou mèt ale

[Roody Roodboy]
Ale ki bò,
Ou kòmanse kraze moral mwen
Depi yon fwa lè yo te dim yo te kwaze’w yon fwa nan epid’or
Silans
Ou mache sou zantray mwen
M’ te chwazi padone’w paske m’ te kwè ke lanmou pi fò

[Shishie]
Chak swa ou soti ak zanmi’w pandan se tan ou kite’m nan on vie kay ap tann ou
Ou fè lòt fanm ap rele’m Tisina
Chak weekend w’al boule lajan nan pisina

[Chorus 2]
Valè babye m’ konnen m’ babye ou pa janm chanje – oh ou oh ou oh
Valè pale m’ konnen m’ pale ou pa janm chanje – oh ou oh ou oh
Ou mèt pale ou mèt sote depi ou wè m’ ale m’ ale nèt
Ale ale ale ou mèt ale
Ou sèmante devan Bondye ou pap chanje si se pou mwen ou mèt ale net
Ale ale ale ou mèt ale

Hey Shishie- wi Roody
Poukisa nou pa pran tann pou’n pale pito
Pou youn konprann lòt, youn padone lòt
N’ ban tèt nou on lòt chans
Ou menm?

[Shishie]
Plede fè lòt fanm ap griyen dan sou mwen
M pa kwè wap jwenn youn kap ka ranplase mwen
Jan’w aji fè fanmiw pa respekte mwen
Kilè wap konn valè’m

[Chorus]

[Roody Roodboy]
M’ poko prèt pou’m ale ou poko pale
Ou poko di’m kiyes ou konn al rele nan entènèt la
Wap pran pòz fache mande anraje
Ou poko dim kiyes wap plede bay jwe nan jwèt la
Facebook problem
Bbm problem,
Whatsapp problem,
Viber problem

[Shishie]
Kisa ‘w te vlem fè pandan ou pa sispann jwe ak kèm

[Chorus 2]

Ohh
Ou pa merite mwen
Ohh
Ou pa merite’m tou