Manman • Young Slay

ADDED BY DIDIER (SEP 11, 2014 AT 12:32 AM) 21,656 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Mona Jean Pierre
Lyrics by: Young Slay

Mona Jean Pierre: Pale non!
Young Slay at 5: Kote moun yo?
Mona Jean Pierre: oh oh
Young Slay at 5: ake freran m’?
Mona Jean Pierre: Mmmh bon. Danda wi pitit k’ap pale. Ah, sel radi l’ prop.

Young Slay: M’ sonje w manman! (2x)

[Verse 1]
Uh, fò m' byen di w' m’ santi m' ozanj
E menm tan m' santim etranj
Apre w' te finn pote n' nan vant
Ou te mouri kite n' akon tant
M' pap bliye sete 7 fevriye
Solèy la poko te menm leve
Men se pa tankou Septentrional di
Ayiti libere dezyèm independans
Sa vle di pou mwen li gon lòt sans
Se kòmansman soufrans, penitans
San yon delivrans
Gen de fwa m' pèdi fwa m' paske si se pa pou move chans
M' santi m' patap gen chans
Chagren nan ke’m fè m' mèg kon ti chyen frans
Se nan bouch m’ap tande koman Mona Jean Pierre te gen bon kè
Men les hommes telman enferyè
Yo lakoz w' antre anba tè anvan li te lè w’ ugh.

[Hook]
Menm lè m’ pa janm pale, zantray mwen ap rache,
Rache, rache, racheeeeeeeee (M’ sonje w’ manman!!!)
Menm si jodia w’ale, se pa sa w’ merite
An-ye, an-ye, an-yeeeeeee (M’ sonje w’ manman!!!)

[Verse 2]
Manman mwen retounen ankò
Papa banm yon kasèt ou te fè pou li pandan l' te abò
Pou mwen se yon pi bèl trezò
Tande vwa w' pi valyab ke dyaman ak lò
Alò pou m' byen di w' mwen renmen amò
Sa fè m' mal lè m’ap tande
Valè mizè w’ pase kay bokò
Nan lantèman w' anpil moun kriye
Gen k' endispoze apresa fanmiy lan divize
Menm konnen se nou sèl ki sibi
Menm lè m' pa di anyen
Sa k' nan kè m’ prêt pou plon panyen
Se vre pa gen moun ki konnen
Ki kote dlo sa pase pou rantre nan bwa joumou men
Olye yo kole tèt yo pito lonje dwèt
Petèt se sa’k fasil nan moman difisil
Petèt lanmò w' komplike kon yon bobin fil
Either way I'm just tellin how I feel

[Hook]

[Verse 3]
Bon cherie annou vire paj la
Chak fwa fèt manman rive m' swete w' te la
Pou bò w' bèl kado pou fè kè w' kontan
Adore w' poutoutan gen tan
M' anvi ekri mizik sa trè lontan (hmm)
Se mwen k’ ka di w' kijan m' kontan
Chak lin m’ekri soti nan fon kè m’
Menm lè m' pa wè w’ m' konnen wavè m’
M' pap kache w' cherie m’ santi m’ blè m'
Paske grann mwen mouri li pat gentan wè m’
Si l' bò kote w' tanpri di l' sorry
Lè m' rantre ayiti m’a koulon kafe pou li
Granmoun nan toujou jere m, si se pa pou bondje ake les anges li t’ap gentan tere m'
Men anvan yo antere m' sèmante m’ap fè w' fyè
M' sèmante m’ap touche syèl

[Hook]

Mona Jean Pierre pale