Viv Fanm • Timber G

ADDED BY GEN11 (AUG 19, 2014 AT 11:18 PM) 24,134 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: 21st Hapilos
Lyrics by: Timber G

[Intro]
Yahhh! And that's the nigger TIMBER G!
This one's for the women,
Mizik sa pou tout fanm yo an jeneral, Yahh.

[Refrain]
Pi bèl moman nan lavi'm m pase'l ak fanm,
Moun ki plis renmen'm sou latè a li son'w fanm,
M gen pou'm fè pitit bati fwaye ak yon fanm,
Fò'm ta engra si'm pata respekte fanm,
Nou menm gason tout sa nap fè nou depann de fanm,
Nou paka fè yon jounen san'n pa pale de fanm,
Nou pran plezi nan depanse lajan nou ak fanm,
Mwen TIMBER G mwen chwazi rele rele viv fanm,

[Verse 1]
Ye! Depi lè'm kòmanse gen lespri, m reyalize ke enpòtans fanm pa gen pri,
Paske se yo ki senbòl lavi e an mèm tan se yo ki senbòl plezi,
Menm nan labib sa te ekri yon jou si pata gen fanm sou latè ap gen kri,
Lavi nou tap genyen gou kri, yon nèg si'w pa respekte fanm konnen'w bouki,
èske'w kapab di mwen pouki depi nou pa gen fanm bò kote nou nou santi'n touni?
Ebyen cher ami m pap baw manti, viv san moun sa yo sa vre nou pa fouti.

[Refrain]
Pi bèl moman nan lavi'm m pase'l ak fanm,
Moun ki plis renmen'm sou latè a li son'w fanm,
M gen pou'm fè pitit bati fwaye ak yon fanm,
Fò'm ta engra si'm pata respekte fanm,
Nou menm gason tout sa nap fè nou depann de fanm,
Nou paka fè yon jounen san'n pa pale de fanm,
Nou pran plezi nan depanse lajan nou ak fanm,
Mwen TIMBER G mwen chwazi rele rele viv fanm.

[Verse 2]
Soti nan manman rive nan madanm, nou pa ta sipoze maltrete fanm,
Bouch nou tout te pase nan tete fanm, son'w verite, se pa enterè yo map defann,
Dayè nou konnen nou paka viv san yo, nou tout ki la nou te fèt ak san yo,
Mèsi ak sa aktyèlman ki nan vi'm yo, san m pap bliye sa ki te la ki vin absan yo,
Se pa sèlman lè 8 mas ak fèt dè mè pou nap bay yon fanm onè avèk respè,
Pran san'w analize e wap wè trè klè ke se moun sa yo ki kapab fè e defè.

[Refrain]
Pi bèl moman nan lavi'm m pase'l ak fanm,
Moun ki plis renmen'm sou latè a li son'w fanm,
M gen pou'm fè pitit bati fwaye ak yon fanm,
Fò'm ta engra si'm pata respekte fanm, Nou menm gason tout sa nap fè nou depann de fanm,
Nou paka fè yon jounen san'n pa pale de fanm,
Nou pran plezi nan depanse lajan nou ak fanm,
Mwen TIMBER G mwen chwazi rele rele viv fanm.