Ti Jean • BélO

ADDED BY GEN11 (JUN 5, 2014 AT 8:19 PM) 14,867 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Haiti Debout
Year: 2011

Ti Jean gen douz an
Nan fanmil yo wit se li’k pi gran
Lap ede manman’l chache lajan
Li fe sa nenpòt kijan

Li pat al lekòl
Se li ki fè edikasyon tèt li poukòl
Nan chache lavi manman’l pwan anpil gòl
Chaj sot sou tèt… l’al sou zepòl
Ou san konsyans, wap pwofite sitiyasyon
Saa ou pran yon zam lage nan men tigason saa
Ou di’l pou fè chimen’l
S’avèl pou’l ganye pen’l

Olye’w mete zam nan men’l
Pouki’w pa kenbe men’l
Chache chimen lekòl
Mete’l nan bon lekòl

Imajine se ou ‘k te papa
Ti gason sa ki pa wè a nan fèy malanga
Poutan nan men’l li gen yon gwo bereta
Ki lage nan lari a san fwa ni lwa
Di’m kijan’w tap santi’w siw te nan ka
Ti bway sa ki oblije ap fè dega
Lap tuye moun li pa konnen par ci par la
Fè moun kriye fè moun chagren pou kèk dola
Pourtan ou tap santi’w blow tèt ou tap cho
Si’w ta vin jwenn yon fanmi’w sou do
Koupab ou inosan ak bal nan do
Pa gen moun ki tap ka seche dlo nan je’w

Olye’w mete zam nan men’l
Pouki’w pa kenbe men’l
Chache chimen lekòl
Mete’l nan bon lekòl

[Bridge]
Ti Jean pat fèt tou vagabon ( non non non non…)
Se sosyete a ki fè’l ( vin delenkan)
Ti jean s’on inosan
Ki ta sipoze jwen ankadreman
Nan yon sosyete pachiman

Ti jean n’a que douze ans
Ainé d’une famille de huit enfants
C’est lui la béquille de sa maman
Le voilà dans la cour des grands

Bras armé et conditionné
N’hésite pas à tuer pour une petite monnaie
Victime désignée par ses responsabilités
Dans un destin déjà tracé.
Et toi manipulateur d’innocence
Qui en profite où est donc ta conscience
Quand t’abuses de la confiance
D’un enfant sans défense

Au lieu d’armer ce gamin
Propose-lui un bouquin
Emmène-le à l’école
C’est plutôt ça ton rôle (bis)
Ou ta chache chimen lekòl
Pou metel nan on bon lekòl
Emmène le à l’école
C’est plutôt ça ton rôle


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.