Pitit Deyò • BélO

ADDED BY GEN11 (JUN 5, 2014 AT 8:12 PM) 15,328 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Haiti Debout
Year: 2011

Chak moun g’on gren zanno lakay òfèv
Ke yo konte sou li
Peyi’m ap kankannen ak yon lafyèv
Mwen santi’l pwal mouri
Mwen renmen peyi’m anpil
Men mwen menm pou kò’m pap ka sove’l
Diaspora se pitit fi’l
Move lavi fèl pa viv pre’l
Mwen kwè nou te antò
Manman pa kon gen pitit deyò
Fòk nou mete’n dakò
Pa gen plas pou’n fè erè ankò

Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Konsyans yo kreyòl , Nou di yo pa kreyòl
Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Papa yo kreyòl, (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Bon anj yo kreyòl (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)
Konsyans yo kreyòl , Nou di yo pa kreyòl
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)

Ti zwazo gen de zèl pou’l vole
Men li toujou bezwen on branch pou’l poze
Se vre nou prese n’bezwen rive
Nap kouri men fò’n sonje bouke
Tan pou’n chanje kostim pou moun ki swe pou nou
Nou kite jalouzi ap fè nou fè joujou
Peyi d’Ayiti jodia nan yon kafou
Li bezwen bay tout pitit li yon randevou
Granpa nou te antò
Ki te rele yo pitit deyò
Si nou pa fè jefò
Nou pral fè menm erè ankò

Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Papa yo kreyòl, (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Yo danse rara (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)
Yo renmen diri, (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)
Bon anj yo kreyòl, Nou di Yo pa Kreyòl, y opa Kreyòl

Si’n met enterè pa’n an dènye
Nap wè kijan peyi nou pwal mache
Lè’n fè peyi’n pase an premye
Nap wè se pa maji ni fòt Bondye
Si nou ka gen bon papye tè
Poukisa n’paka gen batistè
Pou yon erè granpè’n te fè
Se nou tout youn kap soufri
Lage peyi’m tande

Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Manman yo kreyòl, (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)
Yo bon anj yo kreyòl, (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl ( ou ou ouuu !)
Yo danse rara (Nou di yo pa kreyòl)
Moun yo pale kreyòl, ( ou ou ouuu !)
Di yo pa Kreyòl, yo pa kreyòl
Kisa yo ye menm?


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.