Lè Wa • BélO

ADDED BY GEN11 (JUN 5, 2014 AT 7:33 PM) 15,008 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Haiti Debout
Year: 2011

M’a letranje map gade televizyon
Depi se sa’m tande sou ou youn pa bon
Oh ! kò’m si s’on fèt eskprè
Wa di s’on reklam ou bay fè
M’santi m’manke respè, mwen fe kòlè.
Yon semèn apre’m deside pran avyon
Pou’m vin konprann pouki yap di’w pa bon
Oh ! M’ gad depi anlè
Mwen wè lakay tounen dezè
Mwen met pye’m atè, M’santi doulè
Mezanmi woy… sa’m wè’m paka pale ( pale… pale)
Mezanmi woy… sa’m wè’m paka pale ( pale… pale)
Mwen jwen peyi a
Tankou yon flè ki nan simityè

Mwen jwen Ayiti
Tankou’w bèl fanm kap pase mizè
Li tankou ‘w chèn lò ki kase
Ou byen on kastwòl ki kreve

Ayiti vin tankou’w chemizèt blan
Ki blaze, ki pase sou do twòp gason
Yon peyi ki te rich, ki te an penpan
Men kounya lè’m gade se wòch ak pikan
Lè’m poze kesyon.. (tout moun inosan)
Kòm ki dire se li’k pa bon
Men non, men se pa koupab map chache
Pou mwen ka jije epi kondane
Se pito yon pèp ki divize
Mwen ta pito wè’k inifiye
Linyon fè la fòs, (se sa ki deviz nou)
Nap nap goumen pou pòs ( gade’n nan divizyon)
Mezanmi woy… sa’m wè’m paka pale ( pale… pale)
Mezanmi woy… sa’m wè’m paka pale ( pale… pale)

Mwen jwen peyi a
Tankou yon flè ki nan simityè
Mwen jwen Ayiti
Tankou’w bèl fanm kap pase mizè
Li tankou ‘w cheè lòt kase
Ou byen on kastwòl ki kreve


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.